12 FEV. 2021 — Biwo Resansman Etazini a anonse jodi a li ap soumèt Lwa Piblik 94-171 ki se done redekoupaj elektoral yo bay tout eta (state) yo disi 30 Sept. 2021. Reta ki gen rapò ak KOVID-19 yo e priyorizasyon pou pibliye rezilta repatisyon yo mete reta nan premye plan Biwo Resansman an te fè pou li soumèt done sou redekoupaj elektoral yo bay eta (state) yo disi 31 Mas 2021 an.
Nan yon fason ki diferan de lòt resansman ki sot pase yo, Biwo Resansman an ap soumèt done yo bay tout eta (state) yo yon sèl kou, olye yo fè sa ti kal pa ti kal. Chanjman sa a fèt akoz modifikasyon ki gen rapò ak KOVID-19 nan kesyon koleksyon done ak nan orè tretman done ki pèmèt Biwo Resansman an soumèt done redekoupaj elektoral ki konplè epi egzat nan yo fason ki angwo pi bonè bay eta (state) yo.
Done redekoupaj elektoral yo gen ladan yo resansman popilasyon yo konte selon ras, orijin etnik (Orijin Ispanik oubyen Latino), laj pou vote, kondisyon okipasyon lojman, ak popilasyon ki nan lojman gwoup yo; tout sa nan nivo resansman ki rele nivo blòk la. Sa yo se enfòmasyon eta (state) yo bezwen pou yo retrase oswa "redekoupe" fwontyè lejislatif yo.
Nan preparasyon pou yo soumèt pwodui done redekoupaj elektoral yo, Biwo Resansman an te rete an kolaborasyon sere ak kontak ofisyèl san rapò ak pati politik chak eta (state) yo pou li konprann enpak livrezon an reta a te genyen sou chak grenn eta (state) yo. Depi 2019, eta (state) yo te gen aksè nan pwodui soutyen jewografik pwototip ansanm ak tabilasyon done ki soti nan Tès Resansman 2018 la pou ede yo kòmanse konsevwa sistèm redekoupaj elektoral yo. Sa a se yon grenn zouti eta (state) yo ka itilize pou yo redui enpak reta nan orè yo. Anplis, jodi a Biwo Resansman an fin fè piblikasyon tout pwodui jewografik Resansman 2020 eta (state) yo, ki se done nesesè pou redekoupaj elektoral. Sa a ap pèmèt eta (state) yo redekoupe zòn elektoral yo byen vit aprè yo resevwa done tabilasyon Resansman 2020 pa yo.
###