U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Monday, March 09, 2020

Resansman 2020 an Pale Plis Lang

Press Release Number CB20-CN.25 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

Plis pase 99% nan kay Etazini yo pral kapab reponn a resansman an nan pwòp lang yo.

9 MAS 2020 — Pandan ke envitasyon pou reponn a Resansman 2020 an kòmanse rive nan bwat a lèt yo semèn sa a, Biwo Resansman Etazini a vle pou ou konnen ke ou ka reponn nan plis lang ke jamè avan. An reyalite, plis pase 99% moun kay nan peyi a pral kapab reponn a kalkil pou konte popilasyon an ki fèt chak dizan sou entènèt oubyen telefòn nan lang yo pale lakay yo.

"Lè nou bay moun nan kay yo opsyon pou reponn sou entènèt oubyen pa telefòn an anglè ak 12 lòt lang ankò, nou ap bay rezidan yo zouti yo bezwen pou yo ka konte epi ankouraje yo pou yo detèmine avni pa yo," se sa Steven Dillingham, direktè Biwo Resansman an di.

Envitasyon pou resansman ki ap rive ant 12 Mas ak 20 Mas yo ap gen landan yo yon depliyan ki nan 12 lang ki pa anglè yo, pou envite moun pou yo reponn sou entènèt oswa pa telefòn nan lang pa yo. Lang sa yo, ki klase selon kantite gwoup moun menm kay ki pa pale angle byen yo selon done ke Sondaj Kominote Ameriken (American Community Survey) an kolekte depi 2012 a 2016, gen landan yo:

  • Espanyòl
  • Chinwa (sou entènèt sou fòm chinwa senplifye ak pa telefòn nan lang mandaren ak kantonè)
  • Vyetnamyen
  • Koreyen
  • Ris
  • Arab
  • Tagalòg
  • Polonè
  • Fransè
  • Kreyòl Ayisyen
  • Pòtigè
  • Japonè

Anviwon 13 milyon kay (apeprè 9%) ap resevwa envitasyon alafwa an anglè ak espanyòl. Envitasyon bileng sa yo prale nan tout kay ki nan twonson resansman (zòn ki gen apeprè 4,000 gwoup moun menm kay) kote 20% ou plis nan kay yo pale prensipalman espanyòl, selon done ke Sondaj Kominote Ameriken (American Community Survey) an kolekte depi 2013 a 2017.

Kay ki nan zòn kote li pa twò posib pou moun reponn sou entènèt yo ap resevwa yon kesyonè sou papye nan premye envitasyon an. Kòmanse nan jou 8 Avril la, kay ki pako reponn yo ap resevwa yon kesyonè sou papye. (Kay ki resevwa envitasyon bileng yo ap resevwa kesyonè sou papye bileng anglè/espanyòl.)

Kòmanse nan mitan mwa Me a, anketè atravè peyi a (anpil nan yo pale de lang) ap vizite kay ki pako reponn yo pou kolekte repons yo an pèsonn.

Èd pou Lang

Biwo Resansman an ap bay gid videyo ki rakonte nan 59 lang ki pa anglè (ki gen ladan yo Lang Siy Ameriken) pou ede moun reponn sou entènèt ak gidalekrit ki ekri nan 59 lang ki pa anglè yo pou ede moun ranpli kesyonè sou papye ki an anglè a. Gid yo disponib sou fòm Bray ak gwo ekriti anglè tou.

An plis, kòmanse nan 12 Mas, Biwo Resansman ap ofri èd an dirèk, epi ki pa an anglè nan telefòn ant 7 a.m. – 2 a.m. ET.

Anba la a w ap jwenn nimewo pou èd nan lang nou endike yo:

  • Anglè: 844-330-2020
  • Espanyòl: 844-468-2020
  • Chinwa (Mandaren): 844-391-2020
  • Chinwa (Kantonè): 844-398-2020
  • Vyetnamyen: 844-461-2020
  • Koreyen: 844-392-2020
  • Ris: 844-417-2020
  • Arab: 844-416-2020
  • Tagalòg: 844-478-2020
  • Polonè: 844-479-2020
  • Fransè: 844-494-2020
  • Kreyòl Ayisyen: 844-477-2020
  • Pòtigè: 844-474-2020
  • Japonè: 844-460-2020
  • Anglè (Rezidan Pòtoriko yo): 844-418-2020
  • Espanyòl (Rezidan Pòtoriko yo): 844-426-2020

Aparèy ki Afiche Telefòn (TDD) 844-467-2020 ap disponib tou pou moun ki pa tande byen yo.

Kanpay Sansibilizasyon

Biwo Resansman an ap fè piblisite tou epi devlope dokiman kanpay sansibilizasyon an anglè ak 12 lang yo epi bay lis mo ak definisyon nan 59 lang ki pa anglè ki gen tradiksyon mo kle ki gen rapò a resansman an pou ede kominote yo ak kolaboratè Resansman 2020 an yo nan aktivite kanpay sansibilizasyon y ap fè.

Resous ak dokiman pou Resansman 2020 an disponib sou entènèt an anglè ak nan 59 lang sa yo:

Lang Siy Ameriken Endi Ris
Albanè Mong Sèb
Amarik Ongwa Sengalè
Arab Ibo Espanyòl
Amenyen Ilokano Eslovak
Bengali Endonezyen Somali
Bozniak Italyen Swahili
Bilga Japonè Tagalòg
Bimann Kmè Tamoul
Chinwa Koreyen Telougou
Kwowat Lawosyen Tay
Tchèk Litwanyen Tigrinya
Olandè Malayalam Tik
Pèsan Marat Twi
Fransè Navawo Ikrenyen
Alman Nepalè Oudou
Grèk Polonè Vyetnamyen
Goudjarati Pòtigè Yidich
Kreyòl Ayisyen Pendjabi Yowouba
Hebre Woumen  

Biwo Resansman an anboche anplwaye lokal pou patenarya ak li ki pale prèske 50 lang diferan de anglè antou. Anplwaye sa yo ap kolabore ak òganizasyon kominotè yo pou esplike kijan sa fasil, san danje, ak enpòtan pou reponn a Resansman 2020 an.

Paj Enfòmasyon pou Laprès

Pou plis enfòmasyon, ale sou 2020census.gov/languages oubyen jwenn aksè a paj enfòmasyon pou laprès nou an nan 2020 Census Non-English Language Support. Pran ransèyman tou sou paj enfòmasyon pou laprès nou an ki pa an anglè anba la:

Konstitisyon Etazini a egzije pou yo fè resansman popilasyon an chak 10 zan. Li fasil, san danje epi enpòtan pou reponn a Resansman 2020 an, epi sa se kle pou detèmine kijan demen ap ye pou kominote yo. Objektif Resansman 2020 an se pou konte tout moun ki abite nan Etazini nan jou 1e Avril, 2020 an (Jounen Resansman). Yo itilize chif estatistik resansman an yo pou detèmine ki kantite plas chak eta (state) ap okipe nan Chanm Reprezantan Etazini a, epi bay enfòmasyon sou kijan yo separe plizyè milya dola ki nan finansman piblik pami lejislatè eta (state), lokal, ak federal yo pou sèvis piblik tankou repons nan ka ijans, lekòl, lopital ak pon pandan 10 zan.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header