U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Tuesday, January 14, 2020

Biwo Resansman Etazini a Devwale Piblisite pou Resansman 2020 an

Press Release Number CB20-CN.04

Inisyativ kominikasyon yo itilize piblisite nan plizyè lang, patenarya ak vwa moun fè konfyans

14 Janvye, 2020 — Jodi a Biwo Resansman Etazini a bay apèsi sou yon kanpay edikasyon piblik ak èd sosyal ki koute $500 milyon ki gen ladan li plis pase 1000 reklam ki gen kòm objektif touche 99% nan kay ki nan Etazini epi kominike jan sa enpòtan pou moun reponn kesyon Resansman 2020 an. Biwo Resansman fè anpil rechèch pou kreye kanpay ki rele “Prepare Avni W. Kòmanse Isit La.” pou montre ke bay repons a resansman an fasil, san danje epi enpòtan.

“Resansman 2020 an se resansman pa w li ye, kidonk sa depann de ou pou li reyisi. Se yon chans ki vini yon sèl fwa chak dizan pou bay enfòmasyon sou kijan yo distribye plizyè bilyon dola finansman pou sèvis piblik ki esansyèl tankou edikasyon ak klinik swen sante, lekòl ak pwogram edikasyon, wout ak pon, ak sèvis ijans pou lòt 10 lane k ap vini la yo,” se sa a Direktè Biwo Resansman an Steven Dillingham esplike. “Pa mwayen piblisite, rasanbleman piblik, patenarya ak laprès dijital ak tradisyoneèl, nou ap lanse nou nan yon kanpay ki kouvri tout peyi a pou nou mete tout moun nan peyi a okouran sou Resansman 2020 an ki ap vini la epi ankouraje yo pou bay repons yo sou entènèt, pa mwayen telefòn oubyen lapòs. Epi nou pran angajman ekstrèm pou nou touche moun ke sou plan istorik yo pa fin konte ase. Jodi a nou pral montre koman kanpay “ Prepare Avni W. Kòmanse Isit La..” la fè egzakteman sa.”

Nan yon konferans laprès nan Washington, D.C., fonksyonè Biwo Resansman yo bay yon rezime sou inisyativ kominikasyon epi yo bay apèsi sou piblisite ki fè pati kanpay peye sou medya yo. Piblisite ki touche gwoup moun plizyè kilti ak moun ke yo istorikman pa konte ase yo kòmanse pase andirèk depi jodi a, tandiske piblisite pou piblik la an jeneral ap kòmanse pase nan mitan mwa Fevriye a. Komanse nan mitan mwa Mas la, moun nan tout kay kapab bay repons a kesyon resansman an sou entènèt, pa mwayen telefòn ak lapòs.

Kanpay kominikasyon an genyen ladan li reklam sou televizyon ak radyo, mwayen dijital, rezo sosyal yo ak piblisite enprime ak mesaj sou pano piblisitè ak estasyon bis. Inisyativ masif edikasyon piblik sa a ankouraje patisipasyon pami popilasyon moun plizyè kilti ak popilasyon ki difisil pou konte yo gras a piblisite ki an anglè ak 12 lòt lang: Arab, Chinwa, Fransè, Kreyòl Ayisyen, Japonè, Koreyen, Polonè, Pòtigè, Ris, Panyòl, Tegalog ak Vyetnamyen.

Biwo Resansman an ak VMLY&R (Ekip Y&R) — ekip piblisite ak kominikasyon ki gen 13 ajans ki gen espesyalis nan gwoup moun plizyè kilti ak moun ke yo istorikman pa konte ase yo — egzamine piblisite yo nan plizyè lang ak divès gwoup diskisyon atravè peyi a. Ekip Y&R gen landan li PSB, Wavemaker, Carol H. Williams Advertising, Culture ONE World, G+G Advertising, The Kalaimoku Group, TDW+Co., VMLY&R Puerto Rico, Wavemaker Puerto Rico, Reingold, BCW (Burson Cohn & Wolfe), DCG, ak Guidehouse.

Ou ka wè egzanp piblisite Resansman 2020 an nan (insert link.)

“Nan mwa Mas, pifò kay ap resevwa envitasyon pou yo reponn Resansman 2020 an. Pou envite nasyon an bay repons se yon defi li ye ak yon gwo chanjman konpare ak dizan ki sot pase yo,” se sa a direktè pwogram Kanpay kominikasyon Resansman 2020 an Maria Olmedo-Malagon di. “Kominikasyon se kle nan koze edike moun pou yo ka konnen poukisa li enpòtan ak kijan pou yo reponn. Byenke moun ka reponn sou entènèt depi jodi a, li enpòtan pou nou fè remake ke moun ka reponn sou entènèt oswa pamwayen telefòn nan 13 lang oswa pamwayen tradisyonèl kesyonè sou papye.”

Leson nou aprann gras a plizye dizan ki sot pase la yo ansanm ak rechèch byen laj sou domèn laprès ki toutan sou chanjman ap pèmèt Biwo Resansman touche plis moun ke jamè avan jodi a. Pandan faz repons Resansman 2020 an yo, Biwo Resansman ap evalye kontinyèlman rapidite repons yo epi pran desizyon atan pou refokalize travay kominikasyon yo lè sa nesesè.

“Kantite travay, rechèch ak devouman ke yo mete nan kanpay sa a pa ka konpare ak sa yo fè nan okenn resansman pase yo,” se sa Kendall Johnson, direktè egzekitif kontra kominikasyon, Biwo Resansman an di. “Efò pou touche popilsayon an gen plizyè fasèt ladan li ansanm ak yon gwo konsantrasyon pou ogmante repons pami gwoup ke yo pa konte ase yo sou plan istorik. Epi li baze sou rechèch ki pi laj ki jamè fèt pou konprann alafwa sa ki motive moun pou yo bay repons a resansman an ak sa ki anpeche yo reponn.”

Sa a se twazyèm resansman desenal ki gen landan li oporesayon espesyal piblisite ak kominikasyon pa li ki gen kòm objektif ankouraje piblik la reponn pou kont li. Lè gen anpil moun ki patisipe, sa fè resansman an pi egzak e sa fè lajan kontribyab yo pa gaspiye, piske sa diminye kòb ki depanse pou yo fè suivi anrapò ak fanmi ki pa t reponn kesyon fòmilè a.

Kanpay Medya Peye pou Resansman 2020 an ap fèt nan twa faz:

  1. Faz Sanzibilizasyon/Edikasyon (14 Janvye – 12 Mas): Kreye sansibilizasyon imedya ak bay ransèyman edikatif sou Resansman 2020 an.
  2. Faz Motivasyon/Patisipasyon (13 Mas – 20 Me): Enspire ak motive popilasyon an pou ranpli kesyonè Resansman 2020 an sou entènèt, pa mwayen telefòn oswa lapòs.
  3. Suivi Rapèl/San-repons yo (13 Me – 28 Jen): Kontinye fè moun sonje reponn Resansman 2020 an epi ede travayè resansman yo lè y ap ale pòt-a-pòt pou konte moun ki nan kay ki pa ko bay repons yo.

Resansman 2020 an ap ofisyèlman kòmanse nan jou 21 Janvye a, nan Toksook Bay, Alaska, ki se yon vilaj lapèch izole ki chita kò li nan Lanmè Bering. Direktè Dillingham ap la sou plas pou li konte premye moun nan. Yo rele yo “premye enimeratè," travayè resansman lokal yo, yo kòmanse avan tout moun nan zòn riral Alaska yo pandan tè a jele toujou, sa ki pèmèt yo rive nan vilaj izole yo pi fasil. Piblisite nan zòn izole nan Alaska yo te kòmanse nan mitan mwa Desanm pou fè moun konnen ke travayè resansman yo ap vizite vilaj yo pou konte moun ki abite ladan yo.

Evenman an te souliye tou yon efò byen laj sou tout nasyon an pou rekrite travayè resansman pou Resansman 2020 an.

“Pou konte tout moun ki nan Etazini, nou bezwen bati ekip ki pou ede nou ak konte a. Sa a se yon resansman nasyonal e nou bezwen moun nan chak eta ak kominote pou li ka reyisi,” Dillingham di. "Non sèlman sa a se gwo travay, men tou se yon chans pou moun ka fè pati listwa nasyon nou an."

Pou plis enfòmasyon konsènan opòtinite djòb, vizite 2020Census.gov/jobs.

Konstitisyon Etazini a egzije pou yo fè resansman popilasyon an chak 10 zan. Resansman 2020 an ap konte tout moun ki abite nan Etazini nan jou premye Avril, 2020 an (Jounen Resansman). Estatistik Resansman an pèmèt yo detèmine ki kantite plas chak eta (state) genyen nan Chanm Reprezantan Etazini a epi bay enfòmasyon sou kijan plizyè bilyon dola nan finansman federal ap separe pami chak lejislatè eta (state), lokal, ak federal chak ane pou lòt 10 lane ki ap vini yo. Komanse nan mitan mwa Mas la, kay yo kapab bay repons a kesyon resansman an sou entènèt, pa mwayen telefòn ak lapòs.

Pou plis enfòmasyon, vizite sitwèb Biwo Resansman an.

###

Contact


Public Information Office

301-763-3030

pio@census.gov

Page Last Revised - December 16, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header