U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Wednesday, June 24, 2020

Biwo Resansman an Gen Plan pou Voye Lòt Rapèl pou Resansman 2020 an Avan Anketè Pase Lakay Moun

Press Release Number CB20-CN.67 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

24 Jen 2020 —Biwo Resansman Etazini a anonse jodi a ke li ap voye yon lòt kat postal rapèl bay kay ki pako reponn a Resansman 2020 an yo. Kat postal la gen pou li rive ant 22 Jiyè ak 28 Jiyè, kèk semèn avan anketè yo planifye pou kòmanse pase vizite kay ki pa t reponn yo.

Pandemi COVID-19 la lakoz yo retade kòmansman lè pou anketè yo vizite kay, ki se te mitan mwad Me men ki se mitan mwa Out koulye a, sa ki pèmèt Biwo Resansman an gen chans pou li voye yon lòt rapèl kay moun pou ankouraje yo reponn sou entènèt, pa telefòn oswa pa lapòs. Si ou reponn kounye a, sa ap redui nesesite pou anketè al pase kay moun pou kolekte repons yo an pèsonn. Apeprè 61.7% nan tout kay atravè peyi a gentan reponn deja sou entènèt, pa telefòn oswa pa lapòs, kòm envitasyon yo te kòmanse rive nan bwat a lèt yo depi 12 Mas.

Anplis, Biwo Resansman an anonse plan pou li voye kat postal bay apeprè 1,3 mlyon bwat postal nan kominote kote yo egzije moun pou yo itilize bwat B.P. pou resevwa lèt. Kat postal yo – planifye pou voye nan fen mwad Jen an – avèti kay yo ke yon anketè pa p pran lontan pou vin depoze envitasyon pou resansman pou yo oswa vitize yo pi devan pou fè entèvyou avèk yo.

Biwo Resansman an pa voye envitasyon resansman nan bwat B.P. paske fòk chak repons a resansman an koresponn ak yon pozisyon jewografik kote moun abite, e pa kote yo resevwa lèt sèlman. Pandemi COVID-19 la lakoz yo retade livrezon koli envitasyon pou resansman yo nan deseri kominote, men anketè yo gentan rekòmanse depoze yo selon yon orè pwogresif atravè peyi a. Nou ap ankouraje kay yo pou reponn a Resansman 2020 an kou yo resevwa koli envitasyon pa yo a. Lè yo ap reponn,nou ta renmen kay sa yo sèvi ak Nimewo Idantifikasyon Resansman (Census ID) yo jwenn nan koli a oswa adrès kay la – piga yo sèvi ak nimewo bwat B.P. a.

Biwo Resansman an ap ankouraje piblik la anpil pou yo reponn sou entènèt nan 2020census.gov. Kay yo ka reponn sou entènèt oswa pa telefòn an anglè oswa nan 12 lòt lang, oswa pa lapòs pa mwayen kesyonè sou papye a ke yo te voye bay adrès ki pa reponn yo oubyen yo depoze devan pòt yo. Malgre anketè yo ap kòmanse vizite kay ki pako reponn yo apati 11 Out, tout kay kapab toujou reponn poukont yo an atandan vizit sa yo boukle nan jou 31 Oktòb la.

Pou plis enfòmasyon, rele nan 844-330-2020 oubyen ale sou 2020census.gov. Pou w ka wè orè resansman revize a, ale sou paj ajisteman operasyonèl Resansman 2020 an.

Pa gen okenn kominike laprès ki asosye a rapò sa. Paj Konsèy senpleman. 

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header