U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Wednesday, March 11, 2020

Resansman 2020 an Pare Pou Etazini Reponn (Haitian Creole)

Press Release Number CB20-CN27 Haitian Creole

Envitasyon pou Reponn ap Rive nan Kay Moun 12-20 Mas

11 Mas, 2020 — Resansman 2020 ap prepare pou kòmanse epi li pare pou Etazini reponn pandan premye envitasyon yo kòmanse rive nan 140 million kay yo estime ki nan peyi a 12-20 Mas.  Se premye fwa, preske tout moun ap resevwa envitasyon pou reponn sou entènèt, nan telefòn oswa pa lapòs.

“Envitasyon ap rive nan bwat a lèt atravè peyi a, epi tout moun ap resevwa yon envitasyon pou reponn pa mwayen postal oswa pa yon anplwaye Resansman talè konsa,” se sa Direktè Biwo Resansman an Steven Dillingham di. “Nou ap ankouraje tout moun pou yo reponn yon fwa yo resevwa envitasyon pou Resansman 2020 an.”

Yon modèl sou kesyonè Resansman 2020 an disponib sou 2020census.gov ansanm ak plis enfòmasyon sou kilè pifò moun ap resevwa envitasyon pa yo pa lapòs. Lèt envitasyon yo adrese a “Rezidan” ki nan adrès kay la epi yo pa gen non okenn moun sou yo. Nan zòn kote moun gen plis chans reponn sou entènèt, lèt yo gen enfòmasyon sou kijan pou reponn sou entènèt. Kay ki nan zòn peyi a ki gen mwens chans pou reponn pa mwayen entènèt ap resevwa kesyonè sou papye nan premye lèt yo resevwa a, ansanm ak enfòmasyon sou kijan pou yo reponn sou entènèt. Tout kay ki pa reponn yo ap resevwa yon kesyonè sou papye aprè de lòt lèt rapèl y ap resevwa.

Ansanm ak envitasyon yo, ou mèt atann ou pou jwenn yon rezime sou resansman an, yon deskripsyon sou èd lang ki an Anglè plis 12 lang ki pa Anglè ak yon Nimewo Idantifikasyon Resansman (Census ID) ki lye ak adrès ou.  Anviwon 13 milyon kay a travè peyi a ap resevwa envitasyon ak kesyonè bileng Anglè/Panyòl. 

Pou yon pòsyon tou piti nan peyi a, nan zòn kote lapòs pa nòmalman livre lèt nan pozisyon jewografik rezidans yo dirèk (egz., ti vil ki gen livrezon nan bwat postal sèlman), anketè resansman yo ap vizite kay moun pou yo ka swa livre envitasyon ak kesyonè sou papye yo alamen oswa pou yo fè entèvyou ak moun kay la yo pou kolekte done resansman yo.  Kalite Sistèm pou Afiche Zòn yo Konte an 2020an, ki se yon apliksayon pou kat entèraktif, montre w nan ki fason diferan zòn jewografik pral resevwa envitason pou reponn a Resansman 2020 an epi ki zòn ki pa pral resevwa okenn envitasyon. 

“Li fasil, san danje epi enpòtan pou reponn a Resansman 2020 an, epi sa se kle pou detèmine kijan demen ap ye pou kominote w,” se sa Dr. Dillingham di. “Resansman 2020 an ap detèmine ki kantite plas chak eta (state) ap okipe nan Chanm Reprezantan Etazini a, epi l ap enfliyanse kijan y ap separe plizyè milya dola ki nan finansman piblik pou sèvis piblik ki kritik yo tankou repons nan ka ijans, lekòl, lopital, wout ak pon pandan 10 ane k ap vini.”

Biwo Resansman an kreye yon kat entèraktif pou evalye to repons yo nan 2020census.gov/response-rates pou peyi Etazini ka mezire pwogrè yo ap fè. Kòmanse depi 20 Mas, y ap ajiste kat sa a chak jou pou l ka montre to repons aktyèl ki soti nan kominote toupatou nan peyi a. Kòm konparezon, kat la montre to repons final ki te soti nan Resansman 2010 la tou. 

Dat Kle

Biwo Resansman an lanse yon kanpay edikasyon piblik ak sansibilizasyon pou enfòme piblik la sou kijan ak kilè pou yo reponn. Anba la a w ap jwenn yon orè pou lèt Biwo Resansman an ki ap envite kay yo pou yo reponn sou entènèt, nan telefòn oswa pa lapòs.

  • 12-20 Mas: Sèvis Postal Etazini ap livre premye envitasyon pou reponn sou entènèt ak nan telefòn yo. Nan zòn kote li pa twò posib pou moun yo reponn kesyonè a sou entènèt, moun yo ap resevwa yon kesyonè sou papye, ansanm avèk envitasyon pou yo reponn sou entènèt oswa nan telefòn.
  • 16-24 Mas: Y ap livre lèt rapèl yo.
  • 26 Mas-3 Avril: Y ap livre kat postal nan kay ki pako reponn yo.
  • 8-16 Avril: Y ap livre lèt rapèl ak kesyonè sou papye nan rès kay ki pako reponn toujou yo.
  • 20-27 Avril: Y ap livre kat postal rapèl final yo nan kay ki pako reponn yo.

Si yon kay pa reponn a resansman an, yon anketè ap fè suivi an pèsonn. Nan pifò ka, sa a ap kòmanse nan mitan mwa Me epi fini nan fen mwa Jiyè. Kay yo toujou kapab reponn poukont yo pandan peryòd sa a, epi si yo fè sa, y ap retire non yo sou lis moun ki pa reponn yo. Nou ankouraje moun yo pou yo reponn tout kesyon ki nan Resansman 2020 an pou yo ka evite yon anketè vin frape pòt kay yo.

Konstitisyon Etazini a egzije pou yo fè resansman popilasyon an chak 10 zan. Li fasil, san danje epi enpòtan pou reponn a Resansman 2020 an, epi sa se kle pou detèmine kijan demen ap ye pou kominote yo. Objektif Resansman 2020 an se pou konte tout moun ki abite nan Etazini nan jou 1e Avril, 2020 an (Jounen Resansman). “Yo itilize chif estatistik resansman an yo pou detèmine ki kantite plas chak eta (state) ap okipe nan Chanm Reprezantan Etazini a, epi bay enfòmasyon sou kijan yo separe plizyè milya dola ki nan finansman piblik pami lejislatè eta (state), lokal, ak federal yo pou sèvis piblik tankou repons nan ka ijans, lekòl, lopital ak pon pandan 10 zan.”

Pou plis enfòmasyon sou Resansman 2020 an, ale sou 2020census.gov.

###   

Contact


Public Information Office

301-763-3030

pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header