U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Wednesday, April 08, 2020

Livrezon Kesyonè sou Papye pou Resansman 2020 an Kòmanse

Press Release Number CB20-CN.39 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

Yo Voye Kesyonè sou Papye nan Kay Moun pou Raple Yo pou Reponn

8 Avril 2020 – Anviwon 64 milyon kay atravè peyi a ap resevwa yon kesyonè sou papye nan jou ki ap vini la yo, pandan ke Biwo Resansman Etazini a ap kontinye asire l ke sa pi fasil ke jamè pou moun reponn a resansman an. Pami tout kay nan peyi a, 46.2% ladan yo gentan deja reponn a Resansman 2020 an. Rès kay yo ap resevwa yon kesyonè sou papye kòmanse nan jou 8 Avril la.

“Si ou fè pati preske mwatye nan moun nan kay nan peyi a ki gentan reponn deja yo, mèsi!” se sa Direktè Biwo Resansman an, Doktè Steven Dillingham di ou. "Pa t ko janm gen mwayen pi fasil pou reponn poukont ou, swa sou entènèt nan 2020census.gov, nan telefòn, oswa pa lapòs — tout sa ka fèt san ou pa rankontre ak yon anketè. Sa se yon bagay tout moun ka fè pandan yo ap obsève distans sosyal lakay yo pou yo ka pote chanjman jodi a, demen ak 10 lòt ane ki ap vini yo.”

Menm lè preske mwatye nan tout kay yo gentan reponn sou entènèt a Resansman 2020 an, gen nan yo petèt ki prefere resevwa yon kesyonè sou papye. Anviwon 22% nan tout peyi a te resevwa yon kesyonè sou papye nan kòmansman resansman an.

Kèk zòn kote anketè yo te fè premye plan pou yo livre kesyonè yo alamen epi an pèsonn pral resevwa yon lèt nan bwat a lèt yo ki soti nan Biwo Resansman an pou raple yo pou yo patisipe, pami yo gen anpil kay nan Pòtoriko. Menm si ta gen kay ki pa resevwa lèt la pa lapòs, Biwo Resansman an ap depoze yon envitasyon pou resansman ak yon kesyonè sou papye kou sa san danje pou yo fè sa. Anketè ap fè suivi tou ak tout kay ki pa reponn pou kont yo.

Kay ki resevwa kesyonè sou papye a kapab toujou reponn sou entènèt oswa nan telefòn, oubyen yo ka voye l pa lapòs nan anvlòp ki ladan an. Yo ka chwazi reponn sou entènèt nan 2020census.gov an anglè oswa 12 lòt lang, oswa resevwa èd atravè gid langaj sou videyo ak alekri ki disponib nan 59 lang. Lè w ap reponn sou entènèt, sèvi ak Nimewo Idantifikasyon Resansman (Census ID) ki nan lèt la oubyen bay adrès ou.

“Yon fwa ou fin reponn, tanpri ankouraje fanmi w, zanmi w ak moun pwòch ou yo pou yo ranpli resansman an tou,” se sa Dillingham di.

Gran piblik la dwe reponn pou kantite moun ki ap viv nan adrès sa a nan jou 1e Avril. Reponn koulye a a Resansman 2020 an ap redui jiska yon minimòm nesesite pou yon anketè fè suivi epi al vizite kay ou an pèsonn pi devan ane sa a.

Konstitisyon Etazini a egzije pou yo fè resansman popilasyon an chak 10 zan. Li fasil, san danje epi enpòtan pou reponn a Resansman 2020 an, epi sa se kle pou detèmine kijan demen ap ye pou kominote yo. Yo itilize chif estatistik resansman an yo pou detèmine ki kantite plas chak eta (state) ap okipe nan Chanm Reprezantan Etazini a, epi bay enfòmasyon sou kijan yo separe plizyè milya dola ki nan finansman piblik pami lejislatè eta (state), lokal, ak federal yo pou sèvis piblik ak enfrastrikti tankou lopital, repons nan ka ijans, lekòl ak pon pandan 10 zan ki ap vini yo.

Pou plis enfòmasyon, ale sou 2020census.gov.

Resansman 2020 an ouvri pou resevwa oto-repons sou entènèt nan 2020census.gov, nan telefòn lè ou rele nan nimewo ki nan envitasyon w lan, oswa sou papye pa mwayen lapòs.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header