U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Monday, October 25, 2021

Biwo Resansman an pibliye rapò final sou Kanpay Kominikasyon Entegre Resansman 2020 an.

Press Release Number CB21-TPS.123 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

25 OKT. 2021 — Biwo Resansman Etazini a fèk pibliye rapò final (an Anglè) sou Kanpay Kominikasyon Entegre Resansman 2020 an (ICC, selon sig anglè a), kanpay sansibilizasyon ki koute $675 milyon e ki fèt yon fason pou edike 140 milyon fwaye kay nan peyi a sou enpòtans sa genyen lè yo reponn Resansman 2020 an. Rapò a souliye ICC Resansman 2020 an, ki gen ladan ajisteman ki fèt pou konbat pandemi KOVID-19 la ak lòt difikilte tankou evenman nasyonal ki fèk parèt, chanjman nan abitid moun konsome enfòmasyon laprès, aktivite gouvènman federal ak reta nan operasyon Biwo Resansman an.

Depi ane 2000 Biwo Resansman an mete sou pye piblisite peye ak kanpay kominikasyon. ICC Resansman 2020 ak baz rechèch la (en Anglè sèlman) se te pi gwo kanpay chak dizan nan listwa nou, ki prèske double kantite lajan k te depanse an 2010. Kantite total lang, chèn laprès ak ògàn laprès ki itilize pou simaye mesaj la depase sa ane 2010 la. "Fasone avni w. Kòmanse La" se non kanpay la, ki te gen plis pase 5300 reklam nan 47 lang ki fèt pou yo rive touche 99% popilasyon an, te pase nan plizyè platfòm tankou ekriti enprime, dijital, radyo, televizyon ak laprès anplennè (tankou pano bò lari ak estasyon bis) depi Desanm 2019 pou rive Desanm 2020.

Nan dat jodi a, Kanpay Kominikasyon Entegre Resansman 2020 an gentan ranpòte 45 prim. Pami yo gen: Kanpay ak mak ICC a ranpòte prim ki rele 2021 Grand Ogilvy Award (Pri 2021 Gran Ogilvy a) (an Anglè) ki soti nan Advertising Research Foundation (Fondasyon Rechèch Piblisite), epi reklam Kovid-19 Resansman 2020 an yo ranpòte prim dò ki soti nan AVA Digital Awards (an Anglè).

Plis enfòmasyon sou Kanpay Kominikasyon Entegre Resansman 2020 an, tankou egzanp reklam yo, disponib nan Dosye Laprès ICC Resansman 2020 an (an Anglè).

Pa gen okenn kominike laprès ki asosye ak pwodui sa a. Paj Konsèy sèlman.

###

Contact


Leslie Malone
Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030 or
877-861-2010 (U.S. and Canada only)
pio@census.gov

Page Last Revised - November 3, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header