U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Wednesday, May 27, 2020

Plis pase 60 Pousan Kay nan Etazini Reponn a Resansman 2020 an

Press Release Number CB20-CN.55 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

Majorite Kay Prefere Chwa Repons pa Entènèt

27 Me 2020 —Repons a Resansman 2020 an nan nivo pou yo fini a lè, kòm plis pase 60% kay nan Etazini reponn a Resansman 2020 an, kote anviwon kat kay sou senk ki te reponn poukont yo te chwazi pou yo fè sa sou entènèt sou 2020census.gov. To aktyèl otorepons sou Entènèt la depase pwojeksyon Biwo Resansman an te fè yo a plis ke 9.2 pwen pousantaj, kòm kay yo kontinye prefere reponn a resansman an sou entènèt olye pa telefòn ak lapòs.

Nan yon mesaj videyo, Direktè Biwo Resansman an Dr. Steven Dillingham remèsye moun ki reponn yo, sa ki pèmèt yo franchi limit sa a, epi li anjouraje moun ki pako reponn yo pou yo patisipe nan detèmine avni yo pou lòt 10 ane ki ap vini la yo.

Nan mitan mwad Mas la, pifò kay te resevwa envitasyon pa lapòs pou yo reponn a Resansman 2020 an, sa ki te fè suit a plizyè rapèl ak kesyonè sou papye. Yo mete anketè sou orè pou pase vizite kay ki pako reponn a Resansman 2020 an yo nan kòmansman mwa Out la.

Kòmanse nan semèn 4 Me a, nan kowòdinasyon ak fonksyonè lasante federal, eta (state) ak lokal yo, Biwo Resansman an te tanmen repriz pwogresif kèk nan operasyon teren Resansman 2020 an yo nan deseri zòn jewografik byen detèmine. Nan kad repriz pwogresif sa a, Biwo Resansman an te rekòmanse depoze koli envitasyon pou Resansman 2020 an devan pòt kay ki nan zòn kote majorite kay pa resevwa lèt lakay yo. Yo konte anviwon 5% kay nan kad operasyon sa a ki rele operasyon Kite / Mizajou, kote anplwaye resansman yo konfime oubyen korije adrès pozisyon jewografik yon kay epi depoze yon koli kesyonè resansman an pou li.

Sante ak sekirite anplwaye Biwo Resansman an yo ak piblik la gen pi gwo enpòtans nan je nou. Tout anplwaye ki ap retounen nan travay ap resevwa fòmasyon sou pwotokòl distansyasyon sosyal epi yo ap ba yo ekipman pwoteksyon pèsonèl avan yo reprann operasyon yo.

Kat Biwo Resansman an ki afiche to repons sou entènèt yo afiche to repons pa eta (state), vil (city), konte ak repatisyon resansman. Nan Jou 25 Me 2020:

  • Madison, Wis., se vil (city) ki gen pi gwo to otorepons sou entènèt.
  • Minesota ak Youta gen pi gwo to repons pa entènèt pami eta (state) yo.

10 eta (state) ki gen pi gwo to otorepons yo se:

1.  Minesota              70.0%

2.  Wiskonnsenn       67.4%

3.  Ayowa                66.9%

4.  Michigann          66.7%

5.  Nebraska            66.5%

6.  Wachingtonn     65.4%

7.  Owayo                 65.3%

8.  Ilinoy                    65.2%

8.  Vijinya                 65.2%

9.  Enndyana           64.9%

10 vil (city)/minisipalite ki gen popilasyon 250,000 ou plis ki gen pi gwo to otorepons yo se:

1.  Lincoln, Neb.                                                           72.8%

2.  Louisville/Jefferson County Metro, Ky.            71.6%

3.  Madison, Wis.                                                         70.6%

4.  Seattle, Wash.                                                         69.8%

5.  Henderson, Nev.                                                    69.3%

6.  St. Paul, Minn.                                                         69.2%

7.  San Jose, Calif.                                                         68.5%

8.  Portland, Ore.                                                         67.8%

9.  Virginia Beach, Va.                                                 67.6%

9.  Minneapolis, Minn.                                               67.6%

9.  Colorado Springs, Colo.                                        67.6%

Leve Defi To Repons Resansman 2020 An

Pou ogmante repons a Resansman 2020 an atravè peyi a, Biwo Resansman an ap lanse yon defi a kominote toupatou nan peyi a pou yo ranpli resansman an sou entènèt, pa telefòn oswa lapòs. Resous ki sou entènèt la gen ladan li plizyè lide pou dirijan kominote yo ka ankouraje moun depase to otorepons yo te bay a Resansman 2010 la.

Pa t ko janm gen mwayen pi fasil pou reponn poukont ou, swa sou entènèt, nan telefòn oswa pa lapòs —tout sa ka fèt san ou pa rankontre ak yon anketè.

Biwo Resansman an ap ankouraje piblik lan anpil pou yo reponn sou entènèt sou 2020census.gov. Kay yo kapab reponn sou entènèt oswa nan telefòn an Anglè oswa nan 12 lòt lang. Kay yo kapab reponn tou pa lapòs lè yo itilize kesyonè sou papye nou te voye bay adrès ki pa te reponn yo. Pou plis enfòmasyon, rele nan 844-330-2020 oubyen ale sou 2020census.gov. Pou ka wè yon orè resansman ke yo revize, ale sou paj ajisteman operasyonèl Resansman 2020 an.

Konstitisyon Etazini a egzije pou yo fè resansman popilasyon an chak 10 zan. Objektif Resansman 2020 an se pou konte tout moun ki abite nan Etazini nan jou 1e Avril 2020 an (Jounen Resansman). Rezilta estatistik Resansman an pèmèt yo detèmine ki kantite plas chak eta (state) okipe nan Chanm Reprezantan Etazini a epi bay enfòmasyon sou kijan plizyè santèn milya dola nan finansman federal ap separe pami chak lejislatè eta (state), lokal, ak federal chak ane pou lòt 10 lane ki ap vini yo.

Pa gen okenn kominike laprès ki asosye a rapò sa. Paj Konsèy senpleman. 

###

Contact


Kristina Barrett
Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header