U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Thursday, May 19, 2022

Biwo Resansman Etazini a Pibliye To Kontaj an Mwens ak an Plis 2020 Selon Chak Eta ak Distri Kolonbya a

Press Release Number CB22-CN.08 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

To Rapò selon Operasyon Resansman pou Nasyon an Disponib Koulye a Tou

19 Me 2022 — Jodi a Biwo Resansman Etazini a lage estimasyon to kontaj an mwens ak an plis Resansman 2020 selon chak eta ak Distri Kolonbya a dapre Sondaj Aprè-Enimerasyon an (PES, selon sig anglè a). Yo pibliye jodi a tou estimasyon to rapò selon chak operasyon resansman. Sa gen ladan l to rapò selon tip repons lib, ak selon ki tip moun ki ap reponn nan kad operasyon suivi ak moun ki pa t reponn yo.

“Piblikasyon estimasyon PES sa yo ede moun konprann nivo kalite travay nou fè nan deseni sa a, eta pa eta, nan efò pou nou konte tout moun nan peyi Etazini,” se sa Direktè Biwo Resansman an Robert L. Santos di. “Transparans se yon aspè esansyèl nan zafè entegrite syantifik. Se poutèt sa a nou ap pibliye rezilta sa yo bay piblik la. Evalyasyon nou fè – tankou endikatè kalite Resansman 2020 an yo, PES la, ak Analiz Demografik ki pibliye avan sa nan ane a – ofri bon jan ransèyman sou kalite chif ki konte nan Resansman 2020 an yo. Malgre yon sèl evalyasyon poukont li pa ka konsidere kòm definitif, paske sa yo rele “konte egzat” yon popilasyon an pa egziste, rezilta PES jodia a yo fè nou konprann kèk eta gen kontaj an mwens ak kontaj an plis."

Estimasyon PES yo montre nan ki mezi Resansman 2020 an byen konte tout moun nan peyi a pa mwayen yon estimasyon endepandan sou kantite moun ki abite nan peyi Etazini nan dat 1ye Avril 2020 (san konte moun ki nan lojman gwoup, tankou mezon retrèt oswa dòtwa inivèsite, ak moun ki nan zòn izole nan Alaska), yo fè sondaj yon echantiyon moun nan kay nan Etazini epi yo fè repons yo koresponn ak dosye ki nan Resansman 2020 an yo.

“Fè yon kontaj egzat pou tout 50 eta yo ak DC toujou rete yon travay difisil, e rezilta sa yo fè konnen sa te difisil ankò an 2020, sitou si w gade gwosè difikilte san parèy nou te konfwonte,” Santos ajoute. “Sa enpòtan pou nou sonje kalite kontaj popilasyon total Resansman 2020 an solid epi li ale nan menm sans ak lòt resansman resan k fèt. Sepandan, nou konnen gen plis travay toujou pou nou fè nan planifye lòt resansman ki ap vini pou nou asire yon kanpay ekitab atravè Etazini e nou ap travay pou nou franchi nenpòt ak tout blokaj pou n rive abouti ak objektif sa a."

Kominike sa a gen ladan:

  • Estimasyon kontaj an mwens ak an plis pou eta yo, Distri Konlonbya a (ki ekivalan yon eta) ak rejyon yo.
  • Konpozan nan rapò pa grenn eta ak Distri Kolonbya a (ki ekivalan yon eta) pou n estime pwopòsyon dosye resansman ki korèk, pa bon, oswa nou pa gen ase enfòmasyon pou n ta konnen tout bon. Sa yo gen landan yo konte ki korèk, konte ki gen erè, enpitasyon moun antye, ak omisyon.
  • Konpozan nasyonal kanpay resansman yo: enimerasyon ki korèk oswa ki gen erè nan konte a ak enpitasyon moun antye selon operasyon ak metòd resansman, tankou repons lib selon metòd (sou entènèt, telefòn, sou papye) ak suivi ak moun ki pa reponn selon tip enimerasyon k te fèt.

Konstatasyon Kle:

  • 37 eta (oswa ekivalan eta) pa t gen kontaj an mwens ou a plis ki konsiderab sou pwendvi estatistik.
  • Nou estime gen 14 eta (oswa ekivalan eta) ki te gen yon kontaj an plis ou an mwens – yon erè nan rapò nèt ki estatistikman diferan de zewo – sa vle di yo te konte swa an plis ou an mwens.
    • Kontaj an mwens: Akannsa (-5.04%), Florid (-3.48%), Illinois (-1.97%), Misisipi (-4.11%), Tenesi (-4.78%) ak Tekzas (-1.92%).
    • Kontaj an plis: Delawè (+5.45%), Awayi (+6.79%), Masachousèt (+2.24%), Minesota (+3.84%), Nouyòk (+3.44%), Owayo (+1.49%), Wodaylann (+5.05%) ak Youta (+2.59%).
    • Al vizite vizyalizasyon done pou nou wè kanpay pou tout eta yo ak Distri Kolonbya a.
    • Gade Tablo 3 nan paj 16 rapò PES la ki nan Anèks la pou jwenn estimasyon PES an 2010 ak 2020 kòm referans. Sepandan, sa enpòtan pou nou note nou amelyore metòd nou itilize pou n estime erè nan rapòt nèt nan nivo eta pou ane 2020 ak maj erè ki ladan yo. Amelyorasyon sa yo te fèt espesyalman pou redui byè nan estimasyon rapò eta epi pou n te mezire egzakteman erè echantiyon estimasyon yo. Sa vle di nenpòt konparezon estimasyon tankou sa yo fè fas ak de sous erè ak ensètitid diferan, e malgre sa enfòmatif, yo pa ka konsidere konparezon an kòm definitif, jan n te di avan an. Nou pale sou metodoloji PES 2020 an plis detay nan Deklarasyon Sous ak Presizyon an.
  • Gade nan Rapò Estimasyon Sondaj Aprè-Enimerasyon pou w jwenn lis konplè estimasyon PES 2020 an yo, ansanm ak mezi ensètitid respektif nan estimasyon PES yo. Pou chak estimasyon, nou bay yon mezi erè echantiyon ki reflete entèval valè posib yo paske estimasyon an baze sou yon echantiyon sondaj.
  • Te gen yon estimasyon kontaj an mwens/an plis nan rejyon Sid (-1.85%) ak yon estimasyon kontaj an mwens/an plis nan rejyon Nòdès (+1.71%).

"Rezilta sa yo ba nou bon jan konpreyansyon pandan n ap planifye operasyon epi separe resous nou pou Resansman 2030 lan," se sa Santos di.

Rezilta PES yo nesesèman limite akoz dimansyon limite echantiyon yo. Nou pa p ka nan yon fason fyab dechifre rezilta yo selon karakteristik demografik oswa zòn jewografik anndan eta a. Note byen pou PES 2010 la, Biwo Resansman an pa t ka pibliye estimasyon kanpay eta yo selon gwoup demografik anndan eta yo. Akoz gwosè echantiyon pou PES 2020 an ak sipozisyon ki obligatwa nan fè estimasyon san byè ki pi piti pase nivo eta, Biwo Resansman an pa t pakap mete estimasyon konte oswa kote nan rapò PES 2020 yo, non plis.

"Mwen kontinye santi m fyè pou efò pèsonèl eksperimante yo epi m apresye patnè nan kominote yo," Santos ajoute. "Talan kolektif yo, tenasite ak devouman yo nan travay n ap fè a te pouse nou pi pre yon kontaj ekgzat pase sa anpil moun te panse ki te posib."

Biwo Resansman an te pibliye premye rezilta ki soti nan PES ansanm ak lòt rezilta ki soti nan Analiz Demografik (DA, selon sig Anglè a) 2020 an nan jou 10 Mas la. Endikatè kalite Resansman 2020 an yo te pibliye avan sa, pou kòmanse nan dat 26 Avril 2021. Si w pran yo ansanm, pwodui sa yo reprezante kontribisyon enpòtan pou moun konprann kalite Resansman 2020 an ak pou n planifye Resansman 2030 lan. Premye piblikasyon rezilta PES yo te bay estimasyon nasyonal pou rapò an gwo popilasyon ak selon gwoup demografik, tankou ras ak Orijin ispanik, ansanm ak gwoup laj ak sèks. Rezilta DA yo te gen ladan yo estimasyon nasyonal erè nan rapò nèt selon laj ak sèks. Epi Endikatè Kalite Resansman 2020 an yo te fè limyè sou kalite operasyon Resansman 2020 an yo, nan yo menm.

An plis piblikasyon rapò sou Estimasyon Kanpay Resansman pou Moun nan Etazini selon chak grenn Eta ak Operasyon Resansman, Biwo Resansman an te pibliye tou yon rapò teknik ki dekri metòd ak rezilta sou lè yo enpite karakteristik demografik pou yo fè PES la. Epi tou w ap jwenn yon rapò teknik ki dekri metòd ak rezilta yo itilize pou redui erè sou moun san repons yo nan PES la pou estimatimasyon moun.

Rès estimasyon PES la yo, tankou rezilta pou inite lojman, ak to kontaj an mwens ak an plis pou Pòtoriko, yo gen pou pibliye yo nan sezon ete a.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030 or
877-861-2010 (U.S. and Canada only)
pio@census.gov

Page Last Revised - June 1, 2022
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header