U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Tuesday, May 31, 2022

Biwo Resansman an Pare pou Li Lanse Analiz Lojman Gwoup Aprè-Resansman 2020

Press Release Number CB22-CN.09 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

Biwo Resansman Kòmanse Kontakte Inite Gouvènmantal sou Analiz Chif yo Konte nan Resansman 2020 pou Etablisman Lojman Gwoup yo tankou Dòtwa Etidyan Inivèsite/Fakilte ak Prizon.

31 Me 2022 — Jodi a Biwo Resansman Etazini a kòmanse poste anviwon 40,000 inite gouvènmantal kalifye nan nivo tribi, eta ak lokal sou kesyon patisipe nan Operasyon Analiz Lojman Gwoup Aprè-Resansman (PCGQR, selon sig anglè) 2020 an. PCGQR 2020 an se yon operasyon tou nèf, ki fèt yon sèl fwaki te kreye kòm repons a opinyon piblik nou resevwa sou Operasyon Rezolisyon Kesyon sou Kontaj konsènan konte popilasyon lojman gwoup pandan difikilte san parèy pandemi COVID-19 lakoz.

PCGQR 2020 an bay inite gouvènmantal yo oubyen reprezantan yo opòtinite pou yo mande Biwo Resansman an pou li revize kontaj popilasyon lojman gwoup Resansman 2020 yo pou etablisman lojman gwoup ki nan blòk yo panse yo konte an mwens yo. Lojman gwoup gen ladan yo deseri kote tankou dòtwa etidyan inivèsite/fakilte, sant tretman rezidansyèl, etablisman pou swen enfimyè/swen enfimye espesyalize, fwaye gwoup, prizon (refòmatwa), ak lojman gwoup pou travayè dòmi, ak santral konpayi travay. Lokal ki abaz sèvis tankou kantin popilè, machin manje anbilan, ak refij pou moun ki sibi vyolans nan kay pa fè pati operasyon PCGQR 2020 an.

Gouvènman ki ta renmen mande yon revizyon sou kontaj popilasyon lojman gwoup pou yon etablisman lojman gwoup ki nan yon blòk ka soumèt ka yo apati dat 6 Jen 2022, jiska
30 Jen 2023, atravè Modil Antran Sekirize sou Entènèt (SWIM, selon sig anglè). Biwo Resansman an fè plan pou li revize epi reponn a chak grenn ka nan espas 90 jou apre yo soumèt yo. W ap jwenn enstriksyon sou kijan pou w soumèt yon ka sou sitwèb PCGQR 2020 an.

Demand PCGQR 2020 an yo dwe ale nan menm sans ak kritè rezidans ak sitiyasyon rezidans Resansman 2020 yo itilize pou yo detèmine kote pou yo konte moun pou Resansman 2020 an oswa machasuiv Biwo Resansman te bay akoz reta operasyonèl COVID-19. PCGQR 2020 an ap kolekte done tou nèf men li pa p chanje rezilta repatisyon ni redistribisyon Resansman 2020 an ni lòt pwodwi done Resansman 2020. Yo ap entegre koreksyon ki fèt akoz rechèch PCGQR 2020 an nan Pwogram Estimasyon Popilasyon Biwo Resansman an. Sondaj Kominote Ameriken ak Sondaj Kominote Pòtoriko ap sèvi ak estimasyon yo devlope apati dènye baz popilasyon an yo tou.

PCGQR 2020 an separe de operasyon Rezolisyon Kesyon Kontaj (CQR, selon sig anglè) Resansman 2020 an ki pèmèt fonksyonè leta tribi, eta ak lokal yo mande Biwo Resansman an pou li revize fwontyè ak/oubyen kontaj lojman Resansman 2020 ofisyèl pou erè nan konte.
Yo kòmanse fè operasyon CQR la depi nan dat Resansman 1990 la.

Pou plis enfòmasyon sou operasyon PCGQR 2020 an, al vizite dosye laprès Analiz Lojman Gwoup Aprè-Resansman 2020 an.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030 or
877-861-2010 (U.S. and Canada only)
pio@census.gov

Page Last Revised - June 28, 2022
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header