U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Wednesday, August 03, 2022

Biwo Resansman ap Bay Rezilta Sondaj Apre-Enimerasyon 2020 pou Pòtoriko ak Inite Lojman

Press Release Number CB22-CN.11 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

3 OUT 2022 – Biwo Resansman Etazini ap bay dènye seri rezilta ki sot nan Sondaj Apre-Enimerasyon 2020 (PES, selon sig anglè a) nan jou 16 Out. Rezilta sa yo ap bay yon apèsi sou kalite kalkil Resansman 2020 an pou popilasyon Pòtoriko ak inite lojman. Li gen ladan l tou estimasyon lajè rapò pou inite lojman atravè peyi a, rejyon, eta, ak Distri Kolonbya a, epi selon karakteristik detèmine pou peyi a.

Piblikasyon an gen de pati:

  • Lajè rapò popilasyon Pòtoriko ak inite lojman:
    • Estimasyon lajè rapò nèt, ki gen ladan li to kontaj an mwens ak an plis pou Pòtoriko, ansanm ak eleman lajè rapò resansman. Sa gen ladan l lajè rapò selon gwoup demografik tankou laj, sèks, kantite tan, ak si moun nan te nan Zòn Estatistik Konbine San Juan-Bayamón, PR lan ou non.
    • Estimasyon lajè rapò pou inite lojman nan Pòtoriko, ki gen ladan l estimasyon lajè rapò nèt ak eleman lajè rapò resansman.
  • Lajè rapò inite lojman:
    • Estimasyon lajè rapò pou inite lojman pou nasyon an ak eta, pami yo genyen Distri Kolonbya a. Estimasyon lajè rapò gen ladan yo inite lojman ki gen moun ak sa ki vid, ki gen yon sèl inite ak plizyè, kay mobil, ak inite lojman ki gen moun ki nan lwaye oswa mèt kay la.

Rezilta yo pa p repati selon zòn jewografik ki anndan eta a, akoz dimansyon echantiyon pou PES la ak lòt sipozisyon ki obligatwa pou fè estimasyon jewografik divizyon yon eta.

Rezilta mezi lajè rapò yo bay yon fason pou n analize kalite Resansman 2020 an.

Biwo Resansman an te gentan pibliye rezilta PES nan nivo nasyonal ak eta nan mwad Mas ak Me, respektivman. Rezilta sa yo se dènye estimasyon nan seri a.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030 or
877-861-2010 (U.S. and Canada only)
pio@census.gov

Page Last Revised - August 9, 2022
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header