U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Wednesday, April 27, 2022

Nouvo Pwodwi Done Resansman 2020 ap Tonbe an 2023

Press Release Number CB22-CN.06 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

Biwo Resansman an Anonse Nouvo Enfòmasyon Orè pou Pwofil Demografik, Fichye Karakteristik Demografik ak Lojman (DHC, selon sig anglè a) ak DHC Detaye

27 Avril 2022 — Biwo Resansman Etazini a anonse jodi a dat revize pou yo lage lòt seri pwodwi done Resansman 2020 an, kòmanse ak piblikasyon Pwofil Demografik ak Fichye Karakteristik Demografik ak Lojman (DHC) an Me 2023.

An plis, done yo te deja planifye pou yo mete nan Fichye Karakteristik Demografik ak Lojman Detaye (DHC Detaye) a yo ap pibliye kòm twa pwodui separe kounye a, kote premye pwodui a pwograme pou yo pibliye li nan mwa Out 2023 epi orè pou rès pwodui ki rete yo poko detèmine toujou.

Pwofil Demografik ak DHC

Biwo Resansman an planifye pou li lage Pwofil Demografik ak DHC ansanm nan mwa Me 2023.

Biwo Resansman an te tante planifye piblikasyon de pwodui yo pi lwen nan ane a men li pouse dat la jiska 2023 paske yo te bezwen plis tan pou travay ak pou bay tan pou yo enplemante pwoteksyon konfidansyalite ki tou nèf ak pi solid. Orè revize a pèmèt Biwo Resansman an pran tan yo bezwen pou yo pwodui chif estatistik gwo kalite piblik la ap tann nan mwen yo. W ap jwenn plis enfòmasyon sou chanjman orè a sou blòg ki titre 2020 Census Data Products: Next Steps for Data Releases (Pwodwi Done Resansman 2020: Nouvo Etap pou Piblikasyon Done yo).

DHC Detaye

Kòm repons ak opinyon itilizatè done yo ki mande pou yo pibliye kontaj popilasyon detaye sou ras ak orijin etnik pi rapid posib, Biwo Resansman an anonse li pral pibliye tablo yo planifye pou DHC Detaye a tou nan twa pwodwi done separe.

Sa ap pèmèt Biwo Resansman an bay priyorite ak koze pibliye kontaj popilasyon pou detay sou ras, Orijin ispanik, ak gwoup popilasyon tribi ak vilaj Endyen Ameriken oswa natif-natal Alaska, epi chif estatistik sou laj ak sèks pou gwoup sa yo avan menm yo pibliye tablo siplemantè ki gen lòt karakteristik yo rele pwodwi done DHC-A Detaye.

W ap jwenn plis enfòmasyon sou twa pwodui ak yon orè tantatif pou devlope premye pwodui a sou atik ki rele Plans for Producing Detailed Racial, Ethnic and Tribal Data from the 2020 Census (Plan pou Pwodui Done Rasyal, Orijin Etnik ak Tribal Detaye nan blòg Resansman 2020 an).

DHC-A Detaye – piblikasyon planifye pou mwa Out 2023

DHC-A Detaye – piblikasyon planifye pou mwa Out 2023 — a ap gen ladan l kontaj popilasyon ak sèks selon chif estatistik laj moun pou anviwon 370 gwoup rasyal ak etnik detaye, tankou Alman, Libanè, Jamayiken, Chinwa, Awayen Natif-natal ak Meksiken, ansanm ak anviwon 1,200 gwoup popilasyon tribi ak vilaj Endyen Ameriken oswa natif-natal Alaska, tankou Nasyon Navajo.

DHC-B Detaye – piblikasyon pako detèmine

DHC-B Detaye a ap gen ladan l ki tip moun ki nan kay la ak enfòmasyon sou mèt kay la pou menm detay sou gwoup ras ak orijin etnik epi ak gwoup popilasyon tribi ak vilaj Endyen Ameriken oswa natif-natal Alaska nou site pi wo nan DHC-A a.

Biwo Resansman an ap bay yon orè pou DHC-B Detaye a lè sa rive vin disponib.

DHC-Siplemantè (S-DHC, selon sig anglè a) – piblikasyon pako detèmine

Malge yo te pwopoze pou yo mete yo nan DHC Detaye a, yo te deplase tablo S-DHC yo epi mete yo nan pwodwi done ki baze sou opinyon itilizatè done yo te bay. Tablo sa yo reflete sitou relasyon konplèks ki egziste ant karakteristiks sou kay yo ak moun ki abite ladan yo. Biwo Resansman an rele tablo sa yo “tablo konbine moun-kay” oubyen “tablo moun-kay.”

Biwo Resansman an ap bay yon orè pou S-DHC lè sa vin disponib.

Opinyon Itilizatè Done

Biwo Resansman an kontinye ap chèche opinyon nan men itlizatè done epi li ap mete piblik la kontinyèlman okouran lè yo devlope epi teste paramèt sistèm pou evite divilgasyon sou pwodui sa yo.

DHC

Biwo Resansman an planifye pou l pibliye yon lòt seri demonstrasyon done DHC ki baze sou done Resansman 2010 la pou opinyon piblik pandan sezon ete sa a.

Opinyon sa yo ap sèvi kòm baz pou paramèt ak modèl pou tablo DHC yo.

DHC Detaye ak S-DHC

Pandan sezon prentan ak ete a, Biwo Resansman an ap kontinye evalye epi enkòpore opinyon itilizatè done yo bay, tankou eske sa fezab pou n ajoute trak ak kote nan lis jewografi disponib pou DHC Detaye.

Pi lwen nan ane sa a, Biwo Resansman an planifye pou l pibliye yon pwodwi done demonstrasyon pwototip pou DHC-A Detaye, y ap sèvi ak done Resansman 2010 la yo epi y ap mande piblik la pou opinyon l. W ap jwenn plis enfòmasyon sou pwototip sa a tou nan atik ki rele Plans for Producing Detailed Racial, Ethnic and Tribal Data from the 2020 Census (Plan pou Pwodui Done Rasyal, Orijin Etnik ak Tribal Detaye nan blòg Resansman 2020 an).

Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou tablo espesifik yo planifye pou DHC-A Detaye, DHC-B Detaye ak S-DHC nan Pasaj Planifikasyon Pwodwi Done Resansman 2020.

Biwo Resansman an ap kontinye enfòme piblik la sou paj Konsènan Pwodwi Done Resansman 2020 an. Enfòmasyon sou orè a ki anonse jodi a aplikab pou pwodui ki anndan peyi a ak nan Pòtoriko.

Biwo Resansman an ap anonse nan yon titan ankò enfòmasyon tou nèf sou Pwodwi Done Resansman 2020 Zòn Zile yo.

Pa gen okenn kominike laprès ki asosye a rapò sa. Paj Konsèy sèlman.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030 or
877-861-2010 (U.S. and Canada only)
pio@census.gov

Page Last Revised - May 12, 2022
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header