U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Thursday, August 12, 2021

Pwen Fò nan Estatistik Resansman 2020 an sou Chanjman nan Popilasyon Lokal yo ak Divèsite nan Ras ak Orijin Etnik Nasyon an

Press Release Number CB21-CN.55 Haitian-Creole

Biwo Resansman Etazini a Remèt Done pou Eta (State) yo Kòmanse Travay Repatisyon yo

12 OUT 2021 — Biwo Resansman Etazini a pibliye jodi a plis rezilta toujou nan Resansman 2020 an (an Anglè) ki montre popilasyon zòn metwopoliten Etazini yo ogmante konparativman a dizan ki sot pase yo. An plis, rezilta ki parèt yon sèl fwa chak dizan sa yo montre divèsite nasyon an nan fason moun idantifye ras ak orijin etnik yo.

“Nou kontan pou nou rive nan pwen sa a kote nou pibliye premye chif estatistik apwofondi ki soti nan Resansman 2020 an,” se sa Direktè enterimè Biwo Resansman an Ron Jarmin deklare. “Nou remèsye gran piblik la pou pasyans yo pandan anplwaye Biwo Resansman an yo t ap travay san pran souf pou trete done yo epi fè sèten travay la ranpli kondisyon kalite nou egzije yo."

Chif estatistik sa yo, ki soti nan Fichye Rezime sou Done Repatisyon Resansman 2020 an (Lwa Piblik 94-171) (an Anglè), montre premye sa nou wè nan popilasyon pou ti zòn yo epi ladan yo gen enfòmasyon sou orijin ispanik, ras, moun laj 18 tan ak plis, si gen moun ki abite nan yon kay epi lojman gwoup yo. Yo reprezante kote moun te abite nan dat 1ye Avril 2020, epi yo disponib pou nivo nasyonal, nivo eta (state) ak kominote pou rive jouk nan nivo blòk nan katye.

Epi tou Biwo Resansman an pibliye vizyalizasyon done yo, istwa sou travay Konte Etazini yo ak videyo ki ede yo ilistre epi eksplike done yo. Resous sa yo disponib sou paj rezilta Resansman 2020 an yo(an Anglè). Itilizatè pi avanse yo ka jwenn aksè nan done yo sou sit Pwotokòl pou Transfè Fichye (FTP, selon sig anglè a) (an Anglè).

Chanjman nan Popilasyon Atravè Peyi a Depi nan Dat Resansman 2010 la

Piblikasyon jodi a montre chanjman nan kantite ak distribisyon popilasyon an atravè peyi Etazini. Popilasyon nan zòn metwopoliten Etazini yo ogmante pa 9% apati 2010 pou rive 2020, sa ki bay kòm rezilta 86% nan popilasyon peyi a abite nan zòn metwopoliten an 2020, konparativman ak 85% an 2010.

“Anpil konte ki nan zòn metwopoliten yo ogmante, sitou sa ki nan sid ak wès peyi a. Sepandan, jan nou te remake nan estimasyon ànyèl popilasyon an yo, peyi nou an ap grandi pi dousman pase jan li te konn grandi," se sa Marc Perry, yon demograf prensipal nan Biwo Resansman an, di. “Kote bès sa a parèt klè se nan nivo lokal kote 52% nan konte ki nan peyi Etazini yo remake popilasyon Resansman 2020 an yo bese konpare ak popilasyon Resansman 2010 yo.”

Pwen fò sou konte ak zòn metwopoliten:

  • Pi gwo konte nan peyi Etazini an 2020 se toujou konte ki rele Los Angeles County a ki gen plis pase 10 milyon moun.
  • Pi gwo vil (city) (yon kote ki enkòpore) nan peyi Etazini an 2020 se toujou New York ki gen 8.8 milyon moun.
  • 312 nan 384 zòn metwopoliten Etazini grandi popilasyon yo ant 2010 ak 2020.
  • Zòn metwopoliten Etazini ki grandi pi rapid ant Resansman 2010 la ak Resansman 2020 an se te The Villages, nan Florid, ki ogmante pa 39% apati anviwon 93,000 moun jiska anviwon 130,000 moun.
  • 72 zòn metwopoliten Etazini pèdi nan popilasyon yo ant Resansman 2010 la ak Resansman 2020 an. Zòn metwopoliten Etazini ki gen pi gwo pousantaj bès se te Pine Bluff, nan Arkansas, ak Danville, nan Illinois, ki desann -12.5 pousan ak -9.1 pousan, respektivman.

Yon vizyalizyasyon done ki tonbe jodi a montre <chanjman nan popilasyon nan nivo konte apati Resansman 2010 la jiska Resansman 2020 an>. Ou ka li plis toujou sou chanjman nan popilasyon yo sou <Plis Pase Mwatye nan Konte Etazini yo Te Pi Piti an 2020 Pase an 2010>. 

Sa Resansman 2020 an Konstate sou Koze Ras ak Orijin Etnik

Resansman 2020 an itilize de kesyon separe ki obligatwa yo (youn pou orijin ispanik oswa latin (an Anglè) epi youn pou ras (an Anglè)) pou kolekte done sou ras ak orijin etnik popilasyon Etazini – jan regleman (an Anglè) Biwo Jesyon ak Bidjè (OMB) Etazini a te ekri sa an 1997. Nou sèvi ak rechèch nou te fè nan dizan ki sot pase la a (an Anglè), epi nou amelyore konsepsyon de kesyon separe yo epi revize pwosedi tretman done ak kodaj pou Resansman 2020 an. Travay sa a te kòmanse an 2015 ak rechèch e tès ki te santre sou konstatasyon ki soti nan Tès sou Kontni Nasyonal ane 2015 lan, epi nou te enplemante konsepsyon yo nan Tès Resansman 2018 la (an Anglè).

Amelyorasyon ak chanjman yo (an Anglè) pèmèt moun idantifye tèt yo nan yon fason ki pi konplè e presi, sa ki pwodui yon imaj ki pi egzat sou fason moun rapòte orijin ispanik ak ras yo nan kontèks yon fòma ki gen de kesyon. Chanjman sa yo fè nou wè popilasyon Etazini a pi miltirasyal epi pi divès pase rezilta nou te mezire nan tan pase yo.

Nou gen konfyans ke <diferans nan distribisyon rasyal global yo> gen kòm koz amelyorasyon nan konsepsyon de kesyon separe yo nan kad koleksyon ak tretman done sou ras yo, ansanm ak kèk chanjman demografik ki fèt nan 10 lane ki sot pase yo.

Piblikasyon jodi a sou done repatisyon Resansman 2020 an yo bay yon nouvo apèsi sou konpozisyon rasyal ak orijin etnik peyi a selon rezilta amelyorasyon nan konsepsyon kesyon sou ras ak orijin eknik yo, nan tretman ak kodaj yo.

“Tank peyi a grandi, nou kontinye evolye nan fason nou mezire koze ras ak orijin etnik (an Anglè) moun ki abite isit," se sa Nicholas Jones, direktè ak konseye prensipal pou rechèch ak kanpay sou ras ak orijin etnik nan Biwo Resansman an fè konnen. “Piblikasyon jodi a sou done repatisyon Resansman 2020 an yo bay yon nouvo apèsi sou konpozisyon rasyal ak orijin etnik ak divèsite peyi a. Amelyorasyon nou fè nan Resansman 2020 an yo pwodui yon imaj ki pi egzat sou fason moun idantifye tèt yo nan repons yo bay ak de kesyon separe sou Orijin ispanik ak ras yo, sa ki montre nou popilasyon Etazini a pi miltirasyal epi pi divès pase rezilta nou te mezire nan tan pase yo.”

Pwen Fò sou Ras ak Orijin Etnik:

  • Popilasyon Blan an se toujou pi gwo gwoup ras oswa orijin etnik nan peyi Etazini, ki gen 204.3 milyon moun ki idantifye kòm sèlman ras Blan. Antou, 235.4 milyon moun rapòte sèlman Blan oswa blan melanje ak yon lòt gwoup. Sepandan, popilasyon sèlman Blan an bese pa 8.6% apati 2010.
  • Popilasyon De oswa Plis Ras yo (ki gen lòt non popilasyonMiltirasyal ) chanje konsiderabman depi 2010. Popilasyon Miltirasyal la te evalye ak 9 milyon an 2010 epi kounye a li se 33.8 milyon moun an 2020, ki se yon ogmantasyon 276%.
  • Popilasyon miltirasyal "melanje" pou tout gwoup ras yo, se yo ki eksplike chanjman jeneral nan chak kategori rasyal.
  • Te gen ogmantasyon nan tout gwoup ras poukont yo oswa melanje yo. Gwoup Yon Lòt Ras poukont li oswa melanje yo (49.9 milyon) ogmante pa 129%, sa ki fè yo depase Popilasyon Nwa oswa Ameriken Nwa (46.9 milyon) antanke dezyèm pi gwo gwoup ras poukont li oswa melanje.
  • Lòt pi gwo popilasyon rasyal yo se te gwoup Azyatik poukont li oswa melanje (24 milyon), gwoup Endyen Ameriken oswa natif-natal Alaska poukont li oswa melanje (9.7 milyon), epi gwoup Awayen Natif-natal ak Lòt moun ki sòti nan Zile Pasifik yo poukont yo oswa melanje (1.6 milyon).
  • Popilasyon Ispanik oswa Latino , ki gen ladan li moun nenpòt ras, se te 62.1 milyon an 2020. Popilasyon Ispanik oswa Latino ogmante pa 23%, tandiske popilasyon ki pa t orijin Ispanik ni Latino a ogmante pa 4.3% apati 2010.

Li enpòtan pou nou note konparizon done sa yo ant done sou ras Resansman 2020 ak Resansman 2010 la yo dwe fèt ak prekosyon, se pou nou konsidere amelyorasyon nou fè nan kesyon sou Orijin ispanik ak ras yo epi ak fason nou kode sa moun di nou.

Nan fason sa a, done ki soti nan Resansman 2020 an yo montre distribisyon diferan men rezonab ki soti nan Resansman 2010 la pou popilasyon Blan poukont yo, popilasyon yon lòt ras poukont li oswa melanje, ak popilasyon miltirasyal la, sitou pou moun ki idantifye tèt yo kòm Blan ak Yon lòt ras alafwa.

Rezilta sa yo pa yon sipriz paske yo nan menm liy ak rechèch ekspè ak konstatasyon ki koresponn ak yo (an Anglè) nan Biwo Resansman an ki fèt nan dizan k pase la yo, presizeman ak rezilta sou enpak fòma kesyon sou rapò sou ras ak orijin etnik nan kad Tès Kontni Nasyonal 2015 lan.

Biwo Resansman sèvi ak plizyè mezi pou analize divèsite rasyal ak orijin etnik (an Anglè) peyi a.

Biwo Resansman an itilize Endèks Divèsite (ED) pou mezire pwobabilite kote de moun yo chwazi o aza ap soti nan gwoup rasyal ak orijin etnik diferan.

Limit ED a se 0 ak 1. Yon valè 0 sa vle di tout moun nan popilasyon an gen menm karakteristik rasyal ak orijin etnik. Yon valè ki pre 1 vle di prèske tout moun nan popilasyon an gen karakteristik rasyal ak orijin etnik diferan.

Nou konvèti pwobabilite yo an pousantaj pou nou ka rann yo pi fasil pou moun entèprete. Nan fòma sa a, ED a di nou ki chans ki genyen pou de moun yo chwazi o aza ta soti nan gwoup rasyal ak orijin etnik diferan.

Si w sèvi ak menm kalkil ED a pou done repatisyon 2020 ak 2010, chans pou nou wè de moun yo chwazi o aza ta soti nan gwoup rasyal ak orijin etnik diferan ogmante jiska <61.1% an 2020 pandan sa te 54.9% an 2010>.

An jeneral, eta (state) ki gen pi gwo endis ED yo se nan Lwès (Hawaii, California ak Nevada), nan Sid (Maryland ak Texas; ansanm ak Distri Konlonbya a, ki ekivalan ak yon eta (state)), epi ak Nòdès (New York ak New Jersey) yo ye.

Hawaii te gen pi gwo endis ED an 2020 ki se te 76%, sa ki te yon ti jan pi wo pase 2010 (75.1%).

W ap jwenn enfòmasyon sou konpozisyon rasyal ak orijin etnik eta (state) ak konte kote ou abite a, ak divès lòt mezi sou divèsite sou <Popilasyon 2020 peyi Etazini Pi Divès nan Kad Rasyal ak Etnik Pase Rezilta 2010 yo> ak <Mezi ki Amelyore sou Ras ak Orijin Etnik Montre Popilasyon Etazini Nètman Pi Miltirasyal>.

Popilasyon Moun Majè ak Sa ki Pi Jèn Pase 18 Lane

Resansman 2020 an fè nou wè gwoup popilasyon moun majè (laj 18 lane ak plis) ogmante pa 10.1% pou rive nan 258.3 milyon moun nan espas dizan.

“Plis pase twa ka, 77.9%, nan popilasyon Etazini a se te moun laj 18 tan ou plis,” se sa Andrew Roberts, ki se chèf Branch Estatistik sou Sèks ak Laj nan Depatman Popilasyon nan Biwo Resansman an, di. "Popilasyon moun majè a grandi pi vit pase nasyon an an gwo. Kòm konparezon, popilasyon moun ak laj pi piti pase 18 tan an se te 73.1 milyon an 2020, ki se yon bès 1.4% apati Resansman 2010 la.”

Chanjman nan popilasyon moun majè ak sa ki pi jèn pase 18 lane yo:

  • Distri Konlonbya a te gen pi gwo popilasyon moun laj 18 tan ak plis kòm pousantaj popilasyon, ki se 83.4%. Utah a te gen pi gwo popilasyon moun ki pi jèn pase 18 tan kòm pousantaj popilasyon, ki se 29.0%.
  • Utah te gen popilasyon moun majè ki grandi pi rapid, ki se 22.8% kwasans.
  • North Dakota te gen popilasyon moun ki pi jèn pase laj 18 tan ki grandi pi rapid, ki se 22.1% kwasans.

Plis detay sou laj ap disponib nan lòt kominike sou done Resansman 2020 ki pwograme pou 2022.

Kòm yon pati nan kominike jodi a, Biwo Resansman an bay nouvou vizyalizasyon done ki montre <popilasyon moun majè ak sa ki pi jèn pase 18 lane> atravè peyi Etazini pou rive jouk nan nivo depatman konte yo. 

Inite Lojman Resansman 2020

Resansman 2020 a fè nou wè nan dat 1ye Avril 2020 an, te gen 140,498,736 milyon inite lojman nan peyi Etazini, ki se 6.7% an plis chif Resansman 2010 la.

“Pandan nou wè kantite nasyonal inite lojman yo ogmante nan dizan ki sot pase la yo, sa se pa t menm bagay atravè tout peyi a non,” se sa Evan Brassell, ki se chèf Branch Estatistik Lojman nan Depatman Estatistik Sosyal, Ekonomik ak Lojman Biwo Resansman an, di. “Konte ki fè pati kèk zòn metwopoliten oswa kominal ogmante pa 3.8%, an mwayèn, tandiske konte ki an deyò zòn sa yo bese pa 3.9% an mwayèn.”

Pwen Fò sou Eta (State) yo:

  • Texas te gen pi gwo kwasans nimerik nan kad inite lojman ak 1,611,888 milyon.
  • Konte ki te gen pi gwo pousantaj ogmantasyon nan lojman se te McKenzie Konte, nan North Dakota, ak yon ogmantasyon 147.9%.
  • West Virginia ak Pòtoriko se te sèl de eta (state) oswa ekivalan yon eta (state) ki te pèdi inite lojman.
  • Te gen 126,817,580 milyon inite lojman ki te gen moun ladan yo ak 13,681,156 milyon inite vid nan peyi Etazini.

Estatistik inite lojman nasyon an, eta (state) ak konte (counties) disponib nan vizyalizasyon Popilasyon 2020 ak done sou lojman yo.

Konstatasyon Resansman 2020 an sou Lojman Gwoup

Popilasyon peyi Etazini pou lojman gwoup se te 8,239,016 nan dat 1ye Avril 2020. Sa se te yon ogmantasyon 3.2% sou popilasyon lojman gwoup Resansman 2010 la. Nan lojman gwoup nou jwenn kote tankou dòtwa rezidans inivèsite, sant tretman rezidansyèl, etablisman enfimri kalifye, fwaye gwoup, barak militè, prizon refòmatwa, ak dòtwa pou anplwaye.

“An 2020, popilasyon lojman gwoup la te reprezante 2.5% popilasyon total Etazini, sa ki se yon bès 2.6% sou chif 2010 la,” se sa Steven Wilson, ki se chèf Branch Pwogram Popilasyon ak Lojman nan Depatman Popilasyon Biwo Resansman an, di. “Nou konstate tou lojman pou etidyan fakilte ak inivèsite se te fòm lojman an gwoup ki pi peple, ak 2,792,097 moun, yon ogmantasyon 10.7% apati 2010.

Pwen fò sou lojman gwoup:

  • Dezyèm pi gwo popilasyon lojman gwoup se te prizon refòmatwa pou moun majè ak 1,967,297 moun, ki bese apati Resansman 2010 la pa 296,305 (13.1%).
  • Eta (state) ki te gen pi gwo popilasyon lojman gwoup se te California ak 917,932, ak pi gwo pousantaj nan popilasyon sa a ki konte nan lòt lojman gwoup ki pa yon etablisman.
  • Popilasyon lojman gwoup nan Pòtoriko bese pa 1.2% apati 2010 pou tonbe jiska 37,509.

Ou ka li plis enfòmasyon sou rezilta sa yo nan istwa <Yo Konte 8.2 Milyon Moun nan Lojman Gwoup Etazini nan Resansman 2020 an>. Ou ka jwenn aksè tou ak plis chif estatistik nan <Aplikasyon Kat Jewografik Done Demografik Resansman 2020 an>. 

Kalite Rezilta yo

Selon tout sa nou remake, rezilta resansman yo konfòm ak sa nou te atann.

"Nou gen konfyans nan kalite rezilta jodi a yo," se sa Direktè Enterimè Biwo Resansman an Ron Jarmin di.

Nan obsèvasyon angajman nou pou transparans, Biwo Resansman an ap pibliye plis mezi sou kalite operasyonèl toujou (an Anglè) nan jou 18 Out ak 25 Out, pou nou bay plis detay sou dewoulman deseri operasyon byen presi.

Pwodui Done Kalite Pandan N Ap Pwoteje Anonimite Moun

Repatisyon done se premye done nan Resansman 2020 ki itilize pwoteksyon enfòmasyon prive diferansyèl, ki se yon metòd matematik ki aplike bwi estatistik byen kalibre sou yon seri done e ki pèmèt yon ekilib ant anonimite e presizyon. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou sitwèb Pwodwi Done Resansman 2020: Modènizasyon sou Prevansyon Divilgasyon (an Anglè) ak Done Repatisyon: A Kisa pou Atann Ou epi Kilè (an Anglè).

Apa done repatisyon ki pibliye jodi a yo, Biwo Resansman an pibliye yon seri done demonstrasyon ki ilistre enpak konfigirasyon pwodiksyon anonimite diferansyèl yo genyen sou done repatisyon ki pibliye sou Resansman 2010 la yo. Biwo Resansman an te pibliye deseri done demonstrasyon ki sanblab pandan yo te nan etap devlopman nouvo metòd la. 

Done Tradisyonèl fas ak Dènye livrezon Lwa Piblik (P.L., selon sig Anglè a) 94-171 sou Done Repatisyon

Done sa yo ki pibliye jodi a yo se nan menm fòma ak done repatisyon yo te bay nan an 2000 ak 2010 yo. Mo "tradisyonèl" la gen sans itilizasyon ki te fèt avan an. Disi 30 Septanm, nou ap pibliye menm done yo bay fonksyonè eta (state) yo gras a yon bwat zouti DVD ak kle USB ki fasil pou itilize epi nou ap mete yo disponib pou piblik la sou data.census.gov. Biwo Resansman an ap voye avi bay gran piblik la an Septanm lè li mete menm done sa yo a dispozisyon yo.

Jwenn Aksè a Done yo

Done yo disponib nan <Aplikasyon Kat Jewografik Done Demografik Resansman 2020 an > atravè divès vizyalizasyon done ak QuickFacts (an Anglè). Fichye done yo disponib sou paj Lwa Piblik (P.L., selon sig Anglè a) 94-171 Resansman Desenal nan Fichye Rezime Done Repatisyon epi li gen ladan l fichye asistans jewografik, dokimantasyon teknik (an Anglè) epi dokiman asistans siplemantè ki nesesè pou aksè nan done yo.

Biwo Resansman an pwodui tou yon kantite varye istwa Etazini Konte nan <chanjman nan popilasyon ak distribisyon>, <lojman gwoup>, <ras ak orijin etnik>, <endèks divèsite a>, epi tou gen <Videyo> pou eksplike kijan pou jwenn aksè ak done sa yo epi kisa done sa yo montre konsènan chanjman nan nasyon an.

### 

Contact


Kristina Barrett
Biwo Enfòmasyon Piblik 
301-763-3030 or
877-861-2010 (U.S. and Canada only)
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header