U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Thursday, September 16, 2021

Biwo Resansman Bay Done Repatisyon Resansman 2020 yo nan Fòma ki Pi Fasil a Itilize

Press Release Number CB21-CN.63 Haitian-Creole

16 SEPT. 2021 — Biwo Resansman Etazini a lage jodi a Done Repatisyon Resansman 2020 an yo (Lwa Piblik 94-171) Fichye Rezime (an Anglè) bay eta (states) yo ak piblik la nan yon fòma ki pi fasil a itilize.

Done sa yo disponib koulye a sou data.census.gov. Yo idantik ak sa yo te pibliye nan dat 12 Out la sou sit Pwotokòl Transfè Fichye (FTP, selon sig anglè a) Biwo Resansman an ak nan divès vizyalizasyon done.

Epi tou Biwo Resansman an remèt bay eta (states) yo yon bwat zouti ak izaj fasil ki gen DVD ak kle USB ki gen yon lojisyèl navigasyon pou yo sèvi pou retrase fwontyè distri lejislatif palmantè ak eta (states) yo.

Sijè ki nan toulède fòma yo gen ladan yo chif yo jwenn nan konte popilasyon Resansman 2020 an selon done sou ras, Orijin ispanik, laj vòt ak inite lojman pou konte yo, kote, twonson resansman ak blòk.

“Nou kontan anpil pou nou bay done sa yo bay piblik la nan yon fòma ki pi fasil pou itilize,” se sa Direktè Biwo Resansman an Ron Jarmin deklare.

Itilizatè done yo kapap antre sou done repatisyon ki gen enfòmasyon demografik pou vil (cities) ak bouk yo san telechaje fichye Pwotokòl Transfè Fichye (FTP, selon sig anglè a) yo.

Konpozisyon Vil (cities) Peyi Etazini: Chanjman Depi 2010

Konpozisyon nasyon an rete yon melanj gwo vil (cities) ak ti vil (cities). Se sèlman 4.1% (787) nan tout vil (cities) Etazini ki te gen yon popilasyon 50,000 moun ou plis an 2020. Yon lòt kote, pami 19,320 vil (cities) nan peyi Etazini ki te enkòpore alafwa an 2010 ak 2020, anviwon 75.5% (14,591) te gen mwens pase 5,000 moun nan jou 1ye Avril 2020 an.

An gwo, gwo vil (cities) ki gen popilasyon 50,000 moun ou plis an 2020 yo grandi ak yon vitès pi rapid nan Sid peyi a pase tout lòt rejyon. Depi Resansman 2010 la, popilasyon ki abite nan gwo vil (cities) nan Sid peyi a ogmante pa 12.3%. Kòm konparezon, popilasyon ki abite nan gwo vil (cities) nan Lwès peyi a grandi pa 10.4%, tandiske sa ki nan Nòdès ak Santral Wès yo ogmante pa 6.8% ak 4.8%, respektivman.

An mwayèn, popilasyon ki abite nan ti vil (cities) yo — sa ki gen mwens pase 5,000 moun an 2020 yo — te gen yon kwasans ralanti oubyen negatif apati 2010 pou rive 2020:

  • Ti vil (cities) ki nan Lwès peyi a yo ogmante pa 1.4%.
  • Ti vil (cities) ki nan Sid peyi a yo diminye pa 0.3%.
  • Ti vil (cities) ki nan zòn Santral Wès peyi a yo diminye pa 0.9%.
  • Ti vil (cities) ki nan Nòdès peyi a yo diminye pa 1.9%.

Vil (cities) ki te enkòpore an 2010 ak 2020 yo ki gen yon popilasyon 2020 ki te 50,000 moun ou plis te gen 129.2 milyon moun sou total 331.4 milyon ki nan peyi a. Pami tout moun ki abite nan kote ki enkòpore yo, 62.2% abite nan gwo vil (cities) yo.

Jwenn Aksè ak Estatistik yo sou Data.census.gov

Sa se premye piblikasyon done Resansman 2020 an ki disponib sou platfòm distribisyon done Biwo Resansman an, data.census.gov (an Anglè). Sit la pèmèt itilizatè yo chèche zòn jewografik yo jouk nan nivo blòk katye yo epi jwenn aksè ak done yo atravè tablo, kat ak telechajman. Itilizatè done yo ka jwenn aksè tou ak yon lokalite, tankou yon eta (states), konte oswa yon kote, nan yo pwofil jewografik ki gen vizyalizasyon ak enfografi ki bay yon apèsi sou yon zòn byen presi.

Karakteristik data.census.gov gen pami yo:

  • Tablo Done (an Anglè): Itilizatè yo ka chwazi zòn jewografik, triye selon sijè, oswa ajoute kèlkeswa lòt seleksyònman aplikab. Yo ka reyòganize, epengle, epi kache done yo ak fonksyonalite glise-depoze a. Ap gen tablo sa yo:
    • P1. Ras
    • P2. Ras Ispanik oswa Latino, ak Ras ki Pa Ispanik ni Latino
    • P3. Ras pou Popilasyon Moun 18 Tan ou Plis
    • P4. Ras Ispanik oswa Latino, ak Ras ki Pa Ispanik ni Latino pou Popilasyon Moun 18 Tan ou Plis
    • P5. Popilasyon Lojman gwoup selon Pi Gwo Tip Lojman Gwoup
    • H1. Sitiyasyon Prezans Moun ki Abite La
  • Katografi (an Anglè): Itilizatè done yo ka afiche done yo atravè koleksyon jewografik nan yon kat tematik pou yon reprezantasyon ki pi vizyèl.
  • Telechajman Done: Itilizatè yo ka telechaje plizyè tablo pou resansman 2020 ak 2010 an menm tan pou yo ka gen yon referans ki pi fasil.

W ap jwenn videyo enstriksyon sou kòman pou jwenn aksè ak done repatisyon Resansman 2020 yo sou paj resous data.census.gov (an Anglè) epi yo gen videyo sou kòman pou w jwenn chif popilasyon yo konte yo, blòk resansman, trasman kat jewografik yo, pèsonalize imaj tablo a, epi konpare done resansman 2020 ak 2010 yo. Gen lòt videyo enstriksyon ak dokiman sou aksè ak done yo sou data.census.gov, tankou yon seminè an liy ki pwograme pou 21 Sept. (an Anglè), sou Akademi Resansman (an Anglè).

Gen lòt enfòmasyon sou Pwogram Done Repatisyon yo, tankou vizyalizasyon done pou nasyon an, eta (states), konte ak zòn estatistik metwopoliten/mikwopoliten nan Dokiman Laprès sou Fichye Repatisyon Resansman 2020 an yo (an Anglè). Gen plis enfòmasyon sou pwogram done repatisyon yo tou sou sitwèb Lwa Piblik Resansman 2020 (P.L., selon sig anglè a) 94-171 Fichye Rezime Done Repatisyon yo (an Anglè).

###

 

Contact


Kristina Barrett
Public Information Office
301-763-3030 or
877-861-2010 (U.S. and Canada only)
pio@census.gov

Page Last Revised - December 16, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header