U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Thursday, September 16, 2021

Biwo Resansman Mande Opinyon sou Pwodwi Done Resansman 2020 yo Pwopoze yo Pi Lwen Pase Koze Repatisyon

Press Release Number CB21-CN.64 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

16 SEPT. 2021 — Jodi a, Biwo Resansman Etazini a pibliye yon vèsyon revize pou Konkòdans Planifikasyon Pwodwi Done Resansman 2020 yo (Crosswalk) (an Anglè). Konkòdans la gen ladan l tablo Fichye Rezime Done Repatisyon Resansman 2020 (Lwa Piblik 94-171) ansanm ak tablo done yo pwopoze pou Pwofil Demografik Resansman 2020 an, Fichye Karakteristik Demografik ak Lojman (DHC, selon sig anglè a), ansanm ak Fichye Detaye sou Karakteristik Demografik ak Lojman (Detailed DHC, selon sig anglè a).

Konkòdans la gen ladan l:

  • Yon lis tablo yo pwopoze pou Resansman 2020 an, konparativman ak lis tablo yo pibliye pou Resansman 2010 la,
  • Nivo jewografik ki pi ba yo pwopoze yo,
  • Eskis tablo yo pwopoze yo, avèk
  • Chanjman nan kontni DHC yo apati de Resansman 2010 la.

Epi tou li bay itilizatè done yo yon opòtinite pou yo wè pou premye fwa lis tablo DHC Detaye ak eskis tablo ki pwopoze yo.

N ap envite itilizatè done yo pou yo voye opinyon yo sou pwodwi done ki plannifye sa yo nan 2020DAS@census.gov depi jodi jiska 22 Okt. W ap jwenn plis enfòmasyon nan bilten (an Anglè) Pwodui Done Resansman 2020 an. Ap gen yon seminè an liy (an Anglè) nan dat 30 Sept. a 3 p.m. (Lè NY) (an Anglè) pou revize Konkòdans la ak chanjman ki pwopoze yo. N ap bay detay sou kijan pou konekte (an Anglè) nan yon lòt dat ki pi lwen.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030 or
877-861-2010 (U.S. and Canada only)
pio@census.gov

Page Last Revised - October 28, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header