U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Monday, April 26, 2021

Rezilta Repatisyon Resansman 2020 an Nan Men Prezidan an

Press Release Number CB21-CN.30 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

26 AVRIL 2021 – Biwo Resansman Etazini anonse jodi a ke Resansman 2020 an bay chif popilasyon rezidan peyi Etazini nan jou premye Avril 2020 an, ki se 331.449.281.

Popilasyon rezidan Etazini a reprezante total konbyen moun ki ap viv nan 50 eta (state) yo ak nan Distri Kolonbya a. Popilasyon rezidan an ogmante pa 22.703.743 ki se 7,4% sou 308.745.538 ki se kantite 2010 la.

“Piblik Ameriken an merite yon gwo mèsi pou gwo kokenn chenn repons yo bay Resansman 2020 an,” se sa Minis Komès la Gina Raimondo deklare. “Malgre anpil difikilte, nasyon nou an acheve yon resansman pou 24yèm fwa. Aksyon sa a fè pati fondman demokrasi nou an e yon deklarasyon sou grandi nou grandi ak rezistans nou genyen. Mwen vle remèsye ekip ki nan Biwo Resansman Etazini an tou, ki pote viktwa sou difikilte san parèy pou yo kolekte e pwodui done gwo kalite ki ap sèvi kòm baz pou desizyon pou plizyè ane k ap vini.”

“Nou santi nou fyè pou nou pibliye rezilta sa yo ki sòti nan Resansman 2020 an jodi a. Rezilta sa yo montre angajman san pran souf tout ekip Biwo Resansman an pran pou li pwodui estatistik pi gwo kalite ki ap kontinye prepare avni peyi nou,” se sa direktè enterimè Biwo Resansman an Ron Jarmin deklare. “Epi kòm pou premye fwa nan Biwo Resansman an, nou ap pibliye metrik sou kalite done yo nan menm jou n ap mete rezilta popilasyon rezidan nou konte yo devan piblik la. Nou sèten rezilta Resansman 2020 nou bay jodi a yo satisfè gwo kritè sou kalite done.”

Nouvo chif estatistik popilasyon rezidan pou peyi Etazini a, chak grenn nan 50 eta (state) yo, Distri Kolonbya a, ak Pòtoriko disponib sou census.gov.

  • Eta (state) ki te gen plis abitan pase tout lòt se te Kalifòni (39.538.223); sa k te gen mwens abitan pase tout se te, Wayoming (576.851).
  • Eta (state) ki ogmante plis nan kantite aprè Resansman 2010 la se te Tekzas (ki ajoute 3.999.944 pou rive 29.145.505)
  • Eta (state) ki ap grandi pi rapid aprè Resansman 2010 la se te Youta (ki ajoute 18,4% pou rive 3.271.616).
  • Popilasyon rezidan Pòtoriko se te 3.285.874, ki desann 11,8% apati de 3.725.789 ki te nan Resansman 2010 la.

Anplis tout nouvo estatistik sa yo ki tonbe yo, jodi a Minis Raimondo bay Prezidan Biden chif popilasyon yo konte pou yo ka fè repatisyon syèj nan Chanm Reprezantan Etazini a. Selon atik Tit 2 ki nan kòd Etazini a, yo aplike yon fòmil Lachanm defini sou popilasyon repatisyon an pou yo separe 435 syèj ki nan Chanm Reprezantan Etazini pami eta (state) yo.

Moun ki fè pati popilasyon repatisyon an se popilasyon rezidan ki nan 50 eta (state) yo, plis militè ki aletranje ansanm ak anplwaye sivil federal ak fanmi ki depann de yo ki abite avèk yo aletranje ki ka resanse nan eta (state) dorijin yo. Popilasyon ki nan Distri Kolonbya a ak Pòtoriko yo pa fè pati popilasyon repatisyon an paske yo pa gen syèj vòt nan Kongrè. Konte yo konte anplwaye federal aletranje yo (ak fanmi ki depann de yo), yo sèvi ak sa pou rezon ki konsène repatisyon sèlman.

  • Aprè resansman 1790 la, chak manm Lachanm te reprezante anviwon 34,000 rezidan. Aprè dat sa a, Lachanm miltipliye plis pase kat fwa (soti nan 105 pou rive nan 435 syèj), epi kote chak manm ap reprezante 761.169 moun an mwayèn daprè Resansman 2020 an.
  • Tekzas ap ajoute de syèj nan Chanm Reprezantan yo, chak grenn nan senk eta (state) sa yo (Kolorado, Florid, Montana, Kawolin nan Nò, ak Eta Ògon) ap ajoute yon syèj, chak grenn nan sèt eta (state) sa yo (Kalifòni, Ilinwa, Michigan, Nou-Yòk, Owayo, Pennsilvani, ak Vijini nan Lwès) ap pèdi yon syèj, epi kantite syèj rès lòt eta (state) yo pa p chanje daprè Resansman 2020 an.

Aprè li fin resevwa chif yo konte nan repatisyon an yo, prezidan an ap transmèt yo bay 117yèm Kongrè a. Kongrè tou nèf sa a se nimewo 118yèm, ki gen pou li reyini an Janvye 2023.

“Travay nou gen devan nou an pako fini,” se sa Direktè Enterimè Jarmin ajoute. “Kòm nou fin bay rezilta yo konte nan repatisyon an yo, nou ap kòmanse aktivite siplemantè ki nesesè pou nou kreye e bay done redistribisyon ki te an reta avan sa akoz KOVID-19.”

Done redistribisyon an yo gen ladan yo chif lokal yo konte, sa ke eta (state) yo bezwen pou yo retrase oubyen fè “redistribisyon” fwontyè lejislatif yo. Akoz modifikasyon ki fèt nan aktivite pwosesis done yo, koleksyon done an reta akoz KOVID-19, ak obligasyon Biwo Resansman pou l bay bon jan kalite done, eta (state) yo gen pou yo resevwa done redistribisyon yo nan jou 16 Dawout la pou pita, ak done redistribisyon konplè yo ak akseswa pou rann yo fasil a itilize ap tonbe nan dat 30 Septanm pou dènye jou. Biwo Resansman an ap avize piblik la avan yo lage done yo.

###

Contact


Virginia Hyer
Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

 

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header