U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Friday, June 12, 2020

Ajisteman nan Operasyon Resansman 2020 an yo

Press Release Number CB20-CN.62 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

12 Jen 2020 – Biwo Resansman Etazini a kontinye ap siveye efè COVID-19 fè sou operasyon Resansman 2020 an yo epi suiv konsèy otorite sante federal, eta (state)  ak lokal yo pou asire sekirite anplwaye nou yo ak piblik la. Biwo Resansman an pare pou li anonse repriz lòt operasyon anplis operasyon Kite / Mizajou a ak anprent dijital nouvo anplwaye yo, sa ki gentan kòmanse deja, nan objetif pou yo ka mennen yon Resansman 2020 ki konplè epi egzat.

Nan jou jodi a, plis pase 90 milyon kay gentan reponn a Resansman 2020 an, kote plis pase kat kay sou senk reponn sou entènèt. Tou moun kapab reponn sou entènèt, nan telefòn oubyen pa lapòs toujou — tout sa san ou pa bezwen rankontre ak yon anketè.

Ajisteman operasyonèl ke nou souliye anba la yo gen ladan yo operasyon Kont / Mizajou a, operasyon Swit pou Moun ki pa te Reponn, operasyon nan zòn izole Alaska, aktivite nan kad patenarya yo, Pwogram Èd a Kesyonè Mobil (MQA), epi kanpay kominikasyon ak patenarya entegre a.

Biwo Resansman ap reprann operasyon Kont / Mizajou a nan jou 14 Jen.

Anketè ap mete ajou lis adrès Biwo Resansman an nan pati izole ki nan zòn nò eta Maine ak sidès eta Alaska, epi tou yo ap fè entèvyou ak kay yo nan kad Resansman 2020 an. Kòm zòn sa yo chita kò yo nan pati jewografik izole epi yo gen difikilte espesyal pou moun rive ladan yo, anketè yo ap kolekte repons a resansman yo an pèsonn, olye yo envite kay yo pou yo reponn sou entènèt, nan telefòn oubyen pa lapòs.

Jan nou te anonse sa deja a, operasyon an ap fèt nan peryòd 14 Jen-29 Jiyè a. Nan kòmansman an yo te planifye sa pou 16 Mas-30 Avril. Tout anketè gentan resevwa fòmasyon sou pwotokòl distansyasyon sosyal yo, epi yo ap ba yo Ekipman pou Pwoteksyon Pèsonèl (PPE) epi yo ap sèvi ak yo selon machaswiv otorite lokal yo.

Biwo Resansman an ap kòmanse yon lansman modere nan kad Swit pou Moun ki pa te Reponn yo.

Biwo Resansman an konn fè operasyon "lansman modere" souvan pou asire ke sistèm yo, operasyon yo ak plan teren yo ap mache kòmsadwa. Apati mitan mwa Jiyè, sis Biwo Resansman Zòn nan (ACO) (gen youn nan chak rejyon resansman) ap kòmanse operasyon pou fè entèvyou ak kay ki pako reponn a Resansman 2020 an yo. Yo ap anonse sis ACO yo disi finisman mwa Jen an. Yo ap anonse plis ACO toujou nan yon dezyèm vag lansman modere ki ap fèt pi devan nan mwa Jiyè.  Anplis de ACO ki fèt nan kad lansman modere a, tout lòt ACO ki rete yo ap kòmanse Swit pou Moun ki pa te Reponn yo nan jou 11 Out epi konkli pou pita nan jou 31 Oktòb la.

Tout anketè ap resevwa fòmasyon sou pwotokòl distansyasyon sosyal yo. Yo ap ba yo PPE epi yo ap sèvi avèk yo selon machaswiv otorite lokal yo.

Biwo Resansman ap kontinye operasyon nan zòn izole Alaska jiska mwa Out.

Aprè plis rekonsiderasyon ak nan kowòdinasyon ak vilaj izole nan Alaska yo, Biwo Resansman an ap kontinye konte moun ki ap viv nan zòn izole Alaska yo jiska mwa Out. Rive nan jou 11 Jen an, 78% travay ki pou fèt nan zòn izole Alaska yo gentan fini.

Biwo Resansman an ap konte moun ki ap viv nan abri tranzisyonèl yo nan mwa Septanm.

Ant 3 Septanm ak 28 Septanm, anketè ap konte moun ki rete nan kan, pak pou machin lwazi yo, pò ak otèl si yo pa abite okenn lòt kote nòmalman. Operasyon sa a, ki rele Enimerasyon Abri Tranzisyonèl, yo te planifye li avan sa pou li te fèt ant 9 Avril ak 4 Me.

Pwogram Patenarya ak Angajman Kominotè (CPEP) Biwo Resansman an gentan reprann aktivite an pèsonn yo.

Nan kowòdinasyon ak konsèy lokal yo, espesyalis patenarya yo ap reprann kanpay an pèsonn yo nan kòmansman mwa Jen an, pandan yo ap travay ak plis pase 370.000 òganizasyon kolaboratè epi asiste nan aktivite an pèsonn yo atravè peyi a kote ki san danje pou yo fè sa. Nan kèlke mwa ki sot pase la yo, kanpay sansibilizasyon CPEP yo te konpoze prensipalman ak odyans vityèl pou yo te ka respekte lòd pou rete anndan kay ak distansyasyon sosyal.

Nan moman an nou ap mofidye pwogram Èd a Kesyonè Mobil (MQA) Biwo Resansman an pou li ka reflete anviwònman an aktyèl la.

Nou prevwa ke anplwaye MQA yo kapab reprann sèvis an pèsonn èd pou repons a kesyonè a nan deseri zòn byen chwazi selon sitiyasyon sante aktyèl yo. Pwogram sa a ap ajoute nan lis aktivite li yo pou li mete kanpay sansibilizasyon dirèk yo nan katye ki pi mal nan nivo repons yo atravè peyi a. Tout anplwaye Biwo Resansman yo ki ap travay nan kad MQA a yo ap respekte machaswiv lokal yo konsènan PPE ak distansyasyon sosyal.

Biwo Resansman an ap kontinye kanpay kominikasyon li yo jiska Oktòb 2020 — ki se finisman operasyon koleksyon done Resansman 2020 an yo.

Biwo Resansman an adapte kanpay kominikasyon li yo epi lanse yon seri de nouvo piblisite nan objektif pou ogmante repons sou entènèt a Resansman 2020 an pandan anpil kote nan peyi a rete lakay yo nan pratik distansyasyon sosyal. Nou planifye plis medya peye toujou pou mwa Jiyè, Out ak Septanm.

Kanpay piblisite elaji sa a rive jwenn nouvo oditè nan 33 lang, sa ki fè total la rive a 45 lang ki pa Anglè ki ap resevwa sèvis medya peye nan kèk nivo. Lòt lang yo ap resevwa yon konbinezon ant rechèch peye, enprime oubyen piblisite dijital.

Anplis, Biwo Resansman an elaji lis konpayi laprès yo pou li ka ogmante distans Biwo Resansman an rive nan popilasyon yo pa konte ase sou plan itorik yo pa mwayen piblisite peye, enprime, platfòm televizyon ak radyo.

Tout ajisteman operasyonèl nou souliye anwo a la, yo tout entegre dènye machaswiv federal, eta (state) ak lokal konsènan PPE ak règleman yo. Pou pwoteje anplwaye nou yo ak piblik la, Biwo Resansman an achte PPE pou tout manm pèsonèl teren li yo, tankou moun ki travay nan yon biwo teren. Nou ap achte epi bay ekipman sa yo a anplwaye yo pandan operasyon yo ap kòmanse. Anplwaye Biwo Resansman an yo ap suiv konsèy sante ofisyèl lokal lè yo ap mete PPE.

Jodi a, Biwo Resansman an anonse nouvo plan pou konte moun ki gen pwoblèm sanzabri. Biwo Resansman an ap kontinye enfòme piblik la sou operasyon Resansman 2020 an yo. Vizite orè operasyon Resansman 2020 an pou plis detay.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header