U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Friday, March 27, 2020

Kominike Biwo Resansman sou Sispansyon Entèvyou Fas-a-Fas pou Sondaj

Press Release Number CB20-RTQ.13 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

27 MAS 2020 — Apati 20 Mas, pou pote sipò a konsèy sou sa nou tout kapab fè pou ralanti kowonaviris la sou kous li, Biwo Resansman Etazini a sispann pwovizwaman entèvyou fas-a-fas pou sondaj li ap fè la yo. Biwo Resansman an ap siveye sitiyasyon sa a deprè epi l ap kontinye fè tout sa l kapab pou pwoteje sante ak sekirite gran piblik la ak anplwaye nou yo.

Nan fason pou l aplike konsèy ki soti bò kote otorite sante piblik federal, eta (state) ak lokal yo, Biwo Resansman an modifye tout pwotokòl koleksyon done l yo pou elimine vizit fas-a-fas. Kote sa posib, travayè sou teren pou resansman an ap rele patisipan nan sondaj yo epi chèche mwayen pou kolekte enfòmasyon nesesè yo pa telefòn.

Anpil nan sondaj sa yo gen 50 ane ou plis toujou depi y ap fèt san entèripsyon, epi yo fòme fondasyon solid pou sistèm estatistik peyi a, ansanm ak resansman desenal la. Nou ankouraje tout moun pou yo patisipe nan sondaj sa yo si yo kontakte yo; repons yo enpòtan sitou koulye a, paske sondaj sa yo ap ede nou mezire egzakteman enpak kowonaviris la fè.

Pou plis enfòmasyon sou sondaj nou ap fè yo, tanpri vizite paj ki make“Eske ou fè pati yon sondaj?” la. Enfòmasyon sou kijan pou idantifye si yon apèl soti bò kote Biwo Resansman an disponib tou.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header