U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Monday, April 13, 2020

Deklarasyon Minis Depatman Komès Etazini a Wilbur Ross ak Direktè Biwo Resansman Etazini a Steven Dillingham sou Ajisteman Operasyonèl Resansman 2020 an Akoz COVID-19

Press Release Number CB20-RTQ.16 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

13 Avril 2020 — Resansman 2020 an deja sou pye epi kay atravè Etazini ap reponn chak jou. Rive nan dat jodi a, plis pase 70 milyon kay gentan reponn, sa ki reprezante plis pase 48% nan tout kay nan Etazini. Akoz COVID-19, Biwo Resansman Etazini a ap ajiste operasyon Resansman 2020 an yo pou li kapab:

  • Pwoteje sante ak sekirite gran piblik ameriken an ak anplwaye Biwo Resansman yo.
  • Aplike konsèy ki soti bò kote otorite sante federal, eta (state), ak lokal yo.
  • Asire nou fè yon kalkil konplè epi egzat sou tout kominote yo.

Biwo Resansman an sispann pou yon tan pwovizwa aktivite koleksyon done sou teren nan kad Resansman 2020 an nan mwad Mas. Nou gentan kòmanse pran deseri mezi pou reyaktive biwo sou teren yo apati 1e Jen 2020, nan kad preparasyon pou rekòmanse operasyon koleksyon done sou teren yo kou sa posib aprè 1e Jen.

Aktivite fas a fas, pami yo ou jwenn tout enteraksyon ak piblik la, enimerasyon, travay biwo ak aktivite pou trete enfòmasyon, ap entegre konsèy ki pi resan pou favorize sante ak sekirite anplwaye ak piblik la. Sa gen ladan li ekipman pou pwoteksyon pèsonèl (PPE) ak pratik distans sosyal yo.

Kou koleksyon done Resansman 2020 an yo fin acheve, Biwo Resansman an ap kòmanse yon pwosesis ki long, konplè epi syantifikman presi, pou li ka prezante kalkil repatisyon, enfòmasyon sou redekoupaj elektoral ak lòt pwodwi done estatistik ki ede yo kanalize plizyè milya dola nan depans sektè piblik ak sektè prive chak ane.

Pou asire ke Resansman 2020 an konplè epi korèk, Biwo Resansman an ap chèche alèjman legal bò kote Kongrè pou yo ba li 120 jou kalandriye adisyonèl pou yo prezante dènye kalkil repatisyon yo.

Nan plan sa a, Biwo Resansman an tap elaji espas tan ki devan li pou fè koleksyon done sou teren yo ak oto-repons yo jiska 31 Oktòb 2020, ki ap pèmèt li prezante kalkil repatisyon yo bay Prezidan an disi 30 Avril 2021, epi prezante done sou redekoupaj elektoral yo bay eta (state) yo pa pi ta pase 31 Jiyè 2021.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header