U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Wednesday, March 11, 2020

Deklarasyon Biwo Resansman an sou Coronaviris la ak Resansman 2020 an

Press Release Number CB20-RTQ.05

11 MAS 2020 — Biwo Resansman Etazini ap siveye atantivman sitiyasyon coronaviris (COVID-19) la epi l ap suiv konsèy otorite sante nan nivo federal, eta (state) ak lokal   yo bay. Nou mete sou pye nan Biwo Resansman an yon Ekip Moun Entèn sou COVID-19 pou yo kontinye siveye sitiyasyon an deprè epi mete ajou Nòt Siplemantè nan Plan Biwo Resansman an pou Kontinye Fonksyone (COOP). 

Plan pou preparasyon ak ka enprevi nou mete sou pye yo baze sou de prensip kle: Sante ak sekirite anplwaye nou yo ak piblik la gen pi gwo konsiderasyon ak enpòtans nan je nou. Nou oblije ranpli obligasyon konstitisyonèl nou pou n livre chif nou konte nan Resansman 2020 an bay Prezidan Etazini a alè, epi se pou nou asire nou fè travay fondamantal nou ki se konte tout moun, yon sèl fwa sèlman, epi nan kote yo rete a.

Mesaj kle koulye a pou tout moun ki gen kesyon sou kijan COVID-19 lan ap afekte Resansman 2020 an se: Pa t ko janm gen mwayen pi fasil pou reponn poukont ou, swa sou entènèt, nan telefòn oswa pa lapòs--tout sa ka fèt san ou pa rankontre ak yon anketè.

Komanse nan 12-20 Mas, kay yo ap resevwa premye pami plizyè envitasyon pou patisipe nan Resansman 2020 an.

N ap ankouraje tout moun pou yo reponn sou entènèt kou yo resevwa envitasyon pa yo ak enstriksyon pou ale sou entènèt. Enstriksyon yo gen ladan yo adrès entènèt pou kesyonè sou entènèt ki an anglè a ansam ak kibò pou yo reponn sou entènèt nan 12 lòt lang – pou n asire ke 99% nan kay Etazini kapap reponn sou entènèt nan lang yo prefere.

Envitasyon yo ap gen ladan yo tou nimewo telefòn pou anglè ak 12 lòt lang yo--pou n asire n ke plis pase 99% kay ki nan Etazini kapab reponn pa telefòn nan lang yo prefere a. Èd nan telefòn disponib sèt jou sou sèt apati 7 a.m. jiska 2 a.m. EDT pou moun ki prefere reponn pa telefòn yo.

Gen kay (sa ki nan zòn ki gen mwens chans pou reponn sou entènèt yo) ki ap resevwa kesyonè sou papye nan premye lèt yo; tout kay ki pa reponn sou entènèt oswa pa telefòn ap resevwa yon kesyonè sou papye ant 8 Avril a 16 Avril. Kesyonè sou papye a gen landan li yon anvlòp ki deja tenbre pou yo reponn pa lapòs.

Anketè yo gen plan pou yo fè operasyon Swit pou Moun ki pa te Reponn yo nan detwa kominote kòmanse depi byen bonè tankou 9 Avril, ak atravè peyi a nan jou 13 Me. Kay yo toujou kapab reponn poukont yo pandan faz sa a (repons sou entènèt ak telefòn disponib jiska 31 Jiyè).

Biwo Resansman an ap respekte deprè konsèy otorite nan sante piblik yo lè l ap fè operasyon sa a, menm jan nou fè sa lè n ap fè kelkeswa operasyon sou teren an. 

Si nou bezwen pran reta oubyen sispann vizit pou moun ki pa reponn yo nan yon kominote kèlkonk, nou ap adapte operasyon nou pou n asire nou fè yon kalkil konplè epi egzat. 

Aktyèlman la a, nou ap mennen ak siksè travay sou teren pou kèk nan sondaj ki pa desenal nou yo pa mwayen telefòn nan zòn nou remake gen yon kontajyon.

Menm jan an tou, espesyalis patenarya yo ap travay ak moun lokal ki kolabore ak nou epi fè reyinyon ki te ka fèt an pèsonn, nan telefòn ak telekonferans. 

Nou konsvwa operasyon 2020 mou yo presizeman yon fason pou nou ofri plizyè fason pou moun reponn.  Nan fason sa a, nou gen kapasite pou nou adapte si nesesè nan nivo lokal pou operasyon espesyal yo tou.  Pa egzanp, “lojman gwoup,” se operasyon ki konte moun ki nan mezon retrèt yo, dòtwa inivèsite, prizon ak lòt kote moun viv an gwoup, gen ladan li yon miryad fason pou moun reponn, tankou reponse electwonik (eResponse), lis nan jounal oswa fason moun konte tèt yo nan etablisman lan. Se menm jan an tou pou “sistèm konte abaz sèvis” ki konte moun ki nan sitiyasyon sanzabri nan kote yo resevwa sèvis sanzabri yo. Administratè yo gen plizyè opsyon pou moun bay repons.

An rezime, kote yon kominote, etablisman oswa òganizasyon ki bay sèvis charite fè yon chanjman ki afekte nenpòt nan operasyon sou teren yo, nou ap adapte nou pou n asire ke nou ap konte menm popilasyon sa a yon lòt fason.

Nou ap travay pou n pataje enfòmasyon sou chanjman nan operasyon yo ak otorite lokal yo, moun nan kominote ki kolabore ak nou yo epi ak laprès. Nou ap travay tou ak kolaboratè nan kominote yo pou kontinye ankouraje repons pèsonèl jiska lafen faz suivi pou moun ki pa
reponn yo.

Nou genyen tou yon bidjè pou ka enprevi yo ki konsiderab pou n adrese chanjman nan kòb operasyon yo koute.  Si nou bezwen, nou ap anboche lòt anplwaye toujou, fè fonksyon nou yo nan lòt biwo oswa voye lòt rapèl nan lapòs toujou oswa kesyonè bay zòn ke epidemi a
afekte yo.

Nou ap kontinye siveye sitiyasyon an epi fè aksyon ki apwopriye pandan n ap pran konsèy nan men otorite sante piblik yo.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header