U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Monday, April 27, 2020

Pa Bliye Reponn: Kat Postal Rapèl Resansman 2020 an

Press Release Number CB20-CN.42 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen *REVIZE

Nòt: Nou revize fraz sa a: “Biwo Resansman Etazini a kòmanse voye kat postal avi rapèl bay anviwon 55 milyon kay ki pako reponn a Resansman 2020 an”. Tanpri pa prete atansyon a vèsyon paj konsèy sa a ki te vini avan an.

27 Avril 2020 Biwo Resansman Etazini a kòmanse voye kat postal avi rapèl bay anviwon 55 milyon kay ki pako reponn a Resansman 2020 an. Apeprè 53.4% nan kay atravè peyi a gentan reponn deja depi lè envitasyon yo te kòmanse rive nan bwat a lèt kay moun nan jou 12 Mas la. Kay sa yo ki pako reponn a resansman an yo ap resevwa yon vizit an pèsonn ak yon anketè pou kolekte enfòmasyon yo pi devan nan sezon ete sa a.  

Selon kat repons sou entènèt Biwo Resansman an ki suiv pwogresyon patisipasyon peyi a nan resansman an, plis pase 79 milyon kay gentan reponn sou entènèt, nan telefòn oswa pa lapòs.

Kèk zòn kote anketè yo te fè premye plan pou yo livre kesyonè yo pèsonèlman alamen, zòn sa yo pral resevwa yon lèt nan bwat a lèt yo ki soti nan Biwo Resansman an pou raple yo pou yo patisipe, pami yo gen anpil kay nan Pòtoriko. Menm si gen kay ki pa resevwa lèt la pa lapòs, Biwo Resansman an ap depoze yon envitasyon pou resansman ak yon kesyonè sou papye kou sa san danje pou yo fè sa. Anketè ap fè suivi tou ak tout kay ki pa reponn pou kont yo.

Eta (state) ki gen to repons ki pi wo yo gen pami yo (senk eta (state) ki alatèt):

  • Minesota: 64.0%
  • Ayowa: 61.2%
  • Wiskonnsenn: 60.8%
  • Nebraska: 60.7%
  • Michigann: 60.0%

Konte (ki gen popilasyon 250,000 ou plis moun) ki gen to repons ki pi wo yo (senk konte ki alatèt):

  • Washington County, nan Minesota: 73.6%
  • Anoka County, nan Minesota: 72.9%
  • Waukesha County, nan Wiskonnsenn: 72.5%
  • Dakota County, nan Minesota: 71.8%
  • Macomb County, nan Michigan: 70.2%

Biwo Resansman an ap ankouraje gran piblik la anpil pou yo reponn sou entènèt nan 2020census.gov. Kay yo kapab reponn sou entènèt oswa nan telefòn an Anglè oswa nan 12 lòt lang. Kay ki te resevwa yon envitasyon pou resansman pa mwayen lapòs epi ki pako reponn toujou, yo ap resevwa yon kesyonè sou papye tou, si yo pa deja resevwa youn. Biwo Resansman an kòmanse poste kesyonè sou papye sa yo nan jou 8 Avril la epi prevwa ke yo ap rive nan bwat a lèt kay moun disi 30 Avril.

Kay yo ap resevwa kat postal rapèl yo a pa lapòs ant 27 Avril ak 9 Me. Biwo Resansman an pouse dat pou yo poste lèt sa yo pou yo te ka pèmèt koli kesyonè sou papye a rive plizyè jou avan kat postal la. Yo te pouse dat pou kesyonè a rive lakay moun tou pou yo ka pèmèt plis tan pou yo adrese koli yo pandan yo nan mitan peryòd distansyasyon sosyal. Kat postal la se yon rapèl pami yon seri rapèl ke Biwo Resansman an voye bay kay ki pa reponn yo depi nan mitan mwad Mas la pou pouse yo a reponn. Anketè ap pase vizite tout adrès ki pa reponn poukont yo pou yo ka kolekte repons yo an pèsonn pi devan nan sezon ete sa a.

Pou plis enfòmasyon, ale sou 2020census.gov.

Pa gen okenn kominike laprès ki asosye a annons sa a. Paj Konsèy senpleman. 

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header