U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Wednesday, March 18, 2020

Direktè Biwo Resansman Etazini a Director Steven Dillingham sou Ajisteman Operasyonèl

Press Release Number CB20-RTQ.08 (Haitian Creole)

Sa gen mwens ke yon semenn, Resansman 2020 an demare konplètman, epi envitasyon kontinye vini nan bwat a lèt atravè peyi a. Maten an la, plis pase onz milyon kay gentan reponn. Etazini ap mete pye l devan pou detèmine avni nou epi asire nou ke yo konte fanmi ak kominote yo.

Kòmanse jodi a, pou nou suiv konsèy sou kisa nou ka fè pou n ede ralanti kowonaviris la sou kous li, nou ap sispann operasyon sou teren Resansman 2020 an yo pou de semenn jiska 1e Avril 2020. Biwo Resansman an ap pran mezi sa a pou l ede pwoteje sante ak sekirite gran piblik Ameriken an, anplwaye Biwo Resansman an yo, ak tout moun ki nan pwosesis pou vin travay nan pòs tanporè kòm anketè.

Pandan poz sou operasyon sou teren yo, Biwo Resansman ap kontinye evalye tout operasyon Resansman 2020 an yo. Si gen kèlkeswa lòt ajisteman ki pou fèt ankò pi devan, Biwo Resansman an ap kominike chanjman sa yo lajman epi byen vit.

Nan fen mwa Me a, anketè toupatou nan peyi a ap kòmanse vizite kay moun ki pako reponn a Resansman 2020 an yo pou ede nou fini kalkil la. Pandan n ap kontinye siveye eklatman COVID-19 la ki toujou ap evolye, nou ap ajiste operasyon anketè ak sondaj yo jan sa mande l la pou nou ka suiv konsèy otorite sante federal, eta (state) ak lokal yo.

Nou ankouraje gran piblik la pou l reponn a Resansman 2020 an sou entènèt pa mwayen yon òdinatè biwo, laptòp, telefòn pòtab entelijan, oubyen tablèt, epi yo ka reponn tou pa telefòn oswa lapòs. Tout moun sipoze reponn a Resansman 2020 an kou yo resevwa envitasyon pa yo a — epi lè yo fini a sa, yo ka asire yo ke zanmi, fanmi ak rezo sosyal yo konnen enpòtans sa genyen pou yo reponn.

Li pa t janm pi fasil pou reponn a resansman an, epi Resansman 2020 an ap konte tout moun egzakteman. Nou rekonèt ke anpil moun gen plan pou yo jwenn aksè a Resansman 2020 an pa lòt mwayen repons, tankou telefòn oswa papye, se poutèt sa Resansman 2020 an fèt nan fason ki si ajil.

Nan jou 15 Mas 2020 an, Biwo Resansman an te anonse plizyè adaptasyon sou operasyon lojman gwoup pou adapte yo a chanjman ki fèk sot fèt nan orè kanpis fakilte yo lè direksyon lekòl yo pase alaksyon pou yo ka pwoteje etidyan ak pwofesè yo.

Pou tout lòt sondaj gwoup moun menm kay ak sondaj ekonomik Biwo Resansman an ap fè apa de Resansman Desenal 2020 an, pèsonèl Biwo a ap kòmanse pa mwayen apèl telefònik olye de vizit an pèsonn. Nan kantite ka ki pa anpil yo kote li nesesè pou yo fè yon vizit an pèsonn, nou ap kolabore etwatman ak otorite sante piblik yo pou n asire nou chak vizit fèt san danje.

Yon lòt fwa ankò, nou ankouraje tout moun pou yo reponn sou entènèt jodia nan 2020 Census pwen gov (2020Census.gov). Ak fleksibilite epi sipò pèp Ameriken an, nou ap reyalize yon kalkil konplè epi egzat ki ap ede nou gide desizyon sou finansman pou bagay tankou lopital, wout ak sèvis dijans. Moun ki ap reponn kapab reponn lè yo rele nimewo ki nan envitasyon yo a oswa pa lapòs yon fwa yo resevwa yon fòm sou papye.

###

Contact


Public Information Office

301-763-3030

pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header