U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Wednesday, July 01, 2020

Enimeratè yo Ap Fè Suivi Ak Kay Ki Pako Reponn nan Kék Zòn Restren nan mwa Jiyè

Press Release Number CB20-CN.74 Haitian Creole

1ye Jiyè 2020 — Jodi a, Biwo Resansman Etazini a anonse ke li ap kòmanse fè suivi ak kay ki pako reponn a Resansman 2020 an nan yon ti kantite zòn nan mwa Jiyè. Gras a vitès otorepons aktyèl la ki se 61.8%, Biwo Resansman an estime ke li ap vizite apeprè 56 milyon adrès pou kolekte repons moun yo an pèsòn. Gras a lajè operasyon sa a, Biwo Resansman an ap kòmanse travay nan kèk zòn avan operasyon yo kòmanse seryezman atravè peyi a.

Apati 16 Jiyè, enimeratè ap kòmanse fè entèvyou ak kay ki pako reponn a Resansman 2020 an yo nan zòn ki anba jesyon biwo resansman zòn (area census offices) sa yo:

  • Beckley nan West Virginia
  • Boise nan Idaho
  • Gardiner nan Maine
  • Kansas City nan Missouri.
  • New Orleans nan Louisiana
  • Oklahoma County nan Oklahoma

Ant 1ye ak 2 Jiyè, plizyè Sipèvizè Teran Resansman ap rankontre ak anviwon 80 kay nan kèk zòn jewografik restren — ki fè pati ACO Boise a ak ACO Nashville la— pou yo asire yo ke sistèm ak pwosesis yo pare pou lansman modere ki planifye pou fèt 16 Jiyè a.

Nan semèn ki ap vini aprè yo, Biwo Resansman an ap anonse lòt biwo resansman toujou pandan yo ap pare pou kòmanse aktivite enimerasyon nan tout peyi a. Majorite biwo resansman atravè peyi a ap kòmanse fè operasyon suivi nan jou 11 Out la. Tout biwo yo ap fini travay sa a pa pi ta pase 31 Oktòb.

Kay yo toujou kapab reponn kounye a lè yo ranpli kesyonè sou papye ke yo te resevwa a, reponn sou entènèt sou 2020census.gov, oswa pa telefòn nan 844-330-2020. Kay yo ka reponn sou entènèt oswa nan telefòn nan youn nan 13 lang epi jwenn èd nan anpil lòt ankò. Moun ki reponn yo pa p bezwen okenn vizit nan men pèsòn pou pran repons a resansman pou yo.

A Kisa Kay yo Ka Atann Yo

Enimeratè yo ap suiv machaswiv otorite sante piblik lokal yo lè yo ap vizite moun. Si yo egzije moun pou mete kachne nan zòn nan, enimeratè yo ap mete kachne. Enimeratè yo gen obligasyon pou konplete yon fòmasyon vityèl sou COVID-19 konsènan pwotokòl distansyasyon sosyal ak lòt konsèy sou sante ak sekirite avan yo kòmanse fè travay yo nan vwazinay yo.

Yo anboche enimeratè ki abite nan kominote lokal yo ap sèvi a yo. Tou enimeratè yo pale anglè, epi gen anpil nan yo ki pale de lang. Si enimeratè ki vizite w la pa pale menm lang ak moun nan kay la, kay sa a kapab mande pou yon lòt vizit ak yon enimeratè ki pale lang yo. Epi tou enimeratè yo ap gen dokiman nan men yo pou ede yo idantifye lang kay la.

Si pa gen moun nan kay la lè enimeratè a pase vizite a, enimeratè a ap kite yon avi pou vizit ki gen ladan li enfòmasyon sou kijan pou reponn sou entènèt, nan telefòn oswa pa lapòs. Nou ap ankouraje tout moun pou yo kowopere ak enimeratè yo pou asire ke nou konte tout moun ki te abite nan fwaye kay la nan jou 1ye Avril 2020.

Kijan pou Idantifye Enimeratè Yo

Enimeratè yo, ou ka idantifye yo fasilman gras a yon badj idantite gouvènman ki valab epi ki gen foto yo sou li, yon filigràn Depatman Komès Etazini, epi ak dat ekspirasyon ki sou badj la. Pou konfime idantite enimeratè a, gran piblik la kapab kontakte sant resansman rejyonal pa yo a pou pale ak yon reprezantan Biwo Resansman.

Kijan Yo Seleksyone Biwo Sa Yo Pou Premye Deplwaman Enimeratè Yo?

Dirjinan operasyonèl Biwo Resansman ki responsab anplwa yo, se yo menm ki deside kilè ak kibò biwo resansman zòn yo (area census offices) ap kòmanse fè suivi ak kay ki pako reponn a Resansman 2020 an yo. Pami kritè yo itilize pou seleksyone yo, nou asire ke biwo sa yo ofri divès sitiyasyon pou ede yo lanse sistèm yo. Epi tou nou obsève yon reyegzaminasyon konplè sou eta operasyonèl eta (state) a, lokalite a oswa zòn tribal la; done kle ki sipòte eta operasyonèl sa a selon jan konsèy federal, eta (state) ak lokal yo idantifye sa; epi kapasite ekip ki nan Biwo Resansman an pou yo reprann operasyon san danje, tankou acha ekipman pwoteksyon pèsonèl yo.

Konsènan Resansman 2020 an

Konstitisyon Etazini a mande pou yo fè resansman popilasyon an chak 10 zan. Objektif Resansman 2020 an se pou konte tout moun ki abite nan Etazini nan jou 1ye Avril 2020 an (Jounen Resansman). Rezilta estatistik Resansman an pèmèt yo detèmine ki kantite plas chak eta (state) okipe nan Chanm Reprezantan Etazini a epi bay enfòmasyon sou kijan plizyè milya dola nan finansman federal ap separe pami lejislatè eta (state), lokal, ak federal chak ane pou lòt 10 lane ki ap vini yo.

Pou plis enfòmasyon, ale sou 2020census.gov.

Paj Konsèy senpleman. Pa gen okenn kominike laprès ki asosye ak pwodui sa.

###

Contact


Public Information Office

301-763-3030

pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header