U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Sunday, March 15, 2020

Deklarasyon Biwo Resansman an sou Modifye Operasyon Resansman 2020 an yo pou Asire ke yo Konte Etidyan Inivèsite yo

Press Release Number CB20-RTQ.06 Haitian Creole

Biwo Resansman an anonse tou mizajou pou operasyon espesyal yo, pwogram èd ak suit bonè pou moun ki pa te reponn

15 MAS 2020 -- Biwo Resansman Etazini  a ap kontinye siveye  atantivman sitiyasyon coronaviris (COVID-19) la epi l ap suiv konsèy otorite sante nan nivo federal, eta (state) ak lokal yo bay. Nou ap ajiste kèk operasyon jan nou esplike sa a piba la ak de prensip kle nan tèt nou: pwoteje sante ak sekirite anplwaye nou ak piblik la epi ranpli egzijans obligatwa nou pou nou livre rezilta nou konte Resansman 2020 an bay Prezidan an alè.

Depi joidi a, plis pase 5 milyon moun gentan reponn sou entènèt a Resansman 2020 an. Aktyèlman la, dat yo planifye pou yo fini ak koleksyon done pou Resansman 2020 an se  31 Jiyè 2020, men yo ka epi yo ap ajiste dat sa a si nesesè jan sitiyasyon yo ka mande sa pou yo ka reyalize yon kalkil konplè epi egzat.

Pa t ko janm gen mwayen pi fasil pou reponn poukont ou, swa sou entènèt, nan telefòn oswa pa lapòs—tout sa ka fèt san ou pa rankontre ak yon anketè.

Nou ap ajiste fonksyon nou yo pou n asire ke nou konte etidyan inivèsite yo.

  • Nou konte etidyan inivèsite yo atravè inivèsite kote yo ale a nan kad Operasyon Lojman Gwoup nou fè a, ki konte tout etidyan ki abite nan lojman ki pou inivèsite a. An plis de dòtwa inivèsite yo, operasyon Lojman Gwoup la gen ladan l tou lòt kote tankou mezon retrèt, fwaye gwoup, kay ki se sant reyadaptasyon epi prizon.
  • Pandan operasyon Kontak Alavans pu Lojman Gwoup Resansman 2020 an nou kontakte direktè lojman pou etidyan kolèj/inivèsite pou nou resevwa sa opinyon yo sou metòd konte ki ap pèmèt etidyan yo patisipe nan Resansman 2020 an.
  • Majorite nan yo, apeprè 47 pousan, chwazi metodoloji repons elektwonik (eResponse) la epi apeprè sèt pousan chwazi paj enfòmasyon sou papye, kote toude afiche repètwa adrès Biwo Resansman an (pa mwayen elektwonik oubyen rejis sou papye) sou chak etidyan. Apeprè 35 pousan, sepandan, chwazi depoze/pase chèche, ki pèmèt etidyan yo reponn poukont yo lè yo itilize yon Kesyonè Resansman Endividyèl (ICQ). Nou ap kontake lekòl sa yo pou mande yo si yo ta renmen chanje chwa sa a akoz de sitiyasyon ki ap devlope la a.
  • Nòmalman, etidyan ki nan kolèj ak inivèsite ki fèmen pwovizwaman akoz COVID-19 la, yo ap konte yo, nan menm pwosesis sa a. Menm si yo lakay yo nan Jounen Resansman an, 1e Avril, yo ta sipoze konte yo selon règleman rezidans ki di konsa se pou yo konte yo kote yo viv ak dòmi plis tan an.  Nou ap mande lekòl yo pou yo kontakte etidyan yo epi raple yo pou yo reponn.
  • Selon règleman sou rezidans Biwo Resansman an yo, etidyan ki pa abite lakay yo pandan yo lekòl, yo sipoze konte yo nan lekòl la pami majorite ka yo, menm si yo twouve yo pwovizwaman yon lòt kote akoz pandemi COVID-19 la.

Nou ap travay ak direktè lojman gwoup yo pou asire nou ke nou konte rezidan pa yo.

  • Resansman 2020 an fèt yon fason pou li ofri plizyè mwayen pou moun reponn. Nou ap ankouraje direktè lojman an gwoup yo pou yo chwazi yon fason pou konte rezidan pa yo ki mande mwens kontak an pèsonn.
  • Pou operasyon Lojman Gwoup la, ki konte moun ki nan mezon retrèt yo, dòtwa inivèsite, prizon ak lòt etablisman kote moun viv an gwoup, nou ofri yon miryad fason pou moun reponn, tankou pa mwayen repons electwonik (eResponse), paj enfòmasyon sou papye oswa fason moun konte tèt yo nan etablisman an.
  • Nou ap kontakte direktè lojman gwoup ki mande yon vizit an pèsonn yo pou nou mande yo konsidere fè repons elektwonik (eResponse) oswa nou ofri pou nou depoze epi pase pran fòm nan pou nou ka redui a yon minimòm kontak an pèsonn ak anplwaye Resansman nou yo.

Nou ap travay ak sektè sèvis la pou detèmine kijan nou ka avanse pi devan.

  • Nou ap travay ak moun ki bay sèvis ki nan abri tranzisyonèl ak ijans yo, kantin popilè ak machin anbilan ki bay manje nan orè regilye pou yo ajiste plan yo pou yo ka konte popilasyon yo ap sèvi yo.
  • Nou te planifye pou bay entèvyou a chak moun ke yo bay yon plat manje oubyen ki rete nan etablisman an nan dat ak lè moun ki bay sèvis charite sa a chwazi ant 30 Mas ak 1e Avril.
  • Nou ap kontakte moun ki bay sèvis charite yo pou detèmine si yo ap ouvè ant 30 Mas ak 1e Avril epi si yo ap kapab bay pay enfòmasyon sou papye pou done repons resansman an a chak moun ke yo sèvi oswa ki rete nan etablisman an de preferans.

Nou ap mete yon reta sou kòmansman pwogram Èd Kesyonè Mobil la.

  • Nou planifye pou n ofri èd pou reponn a Resansman 2020 an nan aktivite ak zòn kote moun rasanble natirèlman nan kad pwogram Èd Kesyonè Mobile nou an.
  • Nou gen plan koulye a pou n ofri èd sa a konplètman atravè peyi a nan jou 13 Avril, ki mete yon reta sou jou nou te planifye kòmansman an avan sa, ki te 30 Mas.

Nou ap mete reta sou operasyon  Swit Bonè pou Moun ki pa te Reponn.

  • Nan operasyon sa a, anketè yo ap kòmanse fè suivi ak kay ki pako reponn yo nan zòn anviwon kèk kolèj ak inivèsite. Nan kòmanse bonè konsa, nou kapab konte gwoup moun menm kay ki nan zòn lojman ki pa sou kanpis yo avan finisman semès prentan an lè etidyan yo deloje al viv nan yon lòt rezidans. Nou ap mete reta sou operasyon sa a apati 9 Avril jiska 23 Avril.

Biwo Resansman ap fè de seri chanjman tou nan kanpay medya peye yo, pwogram piblisite san peye ak demach kanpay sansibilizasyon patenarya yo pou adapte a sitiyasyon ki plen ak chanjman pandan ke l ap koninye mande pou moun reponn pou kont yo.  Mesaj kle koulye a pou nenpòt moun ki gen kesyon sou kijan COVID-19 la ap afekte Resansman 2020 an: Li pa t ko janm pi fasil pou reponn poukont ou, swa sou entènèt, nan telefòn oswa pa mwayen lapòs—tout sa ka fèt san ou pa rankontre ak yon anketè.

Nou ap kontinye siveye sitiyasyon an, pran mezi ki nesesè anba konsèy otorite piblik yo epi bay rapò ajou san rete.

###

Contact


Public Information Office

301-763-3030

pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header