U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Friday, April 10, 2020

Biwo Resansman Etazini a Adapte Operasyon li yo pou Ogmante Kapasite Sant Dapèl pou Resansman 2020 an

Press Release Number CB20-RTQ.15 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

10 Avril 2020 — Biwo Resansman Etazini a, nan fason pou l suiv konsèy fonksyonè sante federal, eta (state), ak lokal yo, aplike mezi ki antre nan kad distans sosyal yo ak ajisteman nan ekip li pou ede pwoteje sante ak sekirite anplwaye ki nan sant dapèl Resansman 2020 an. Kòm rezilta, tan moun fè ap tann nan telefòn vin ogmante lè yo rele.

Pou ogmante kapasite sant dapèl yo, Biwo Resansman an ap remete an plas opsyon apèl retou epi mete plis anplwaye disponib pou reponn a demand moun fè. Opsyon apèl retou a pèmèt moun ki rele a kite yon mesaj epi resevwa yon apèl retounan yon anketè fè pou ede l depoze repons li bay a Resansman 2020 an, lè ajan ki nan sant dapèl la yo okipe ap ede lòt moun. Biwo Resansman an te fèmen opsyon apèl retou a pou yon tan pwovizwa akoz de ajisteman ekip li t ap fè.

Opsyon apèl retou a disponib kounye a nan sèt lang (anglè, kantonè, koreyen, mandaren, ris, espanyòl ak vyetnamyen). Opsyon apèl retou a ap disponib nan rès lòt sèt lang yo (arab, fransè, kreyòl ayisyen, japonè, polonè, pòtigè ak tagalòg) disi madi 14 Avril 2020.

Biwo Resansman an gen reprezantan sèvis klyantèl an dirèk ki ap sèvi liy telefonik dirèk nan 14 lang diferan. Chak repons a resansman an enpòtan epi Biwo Resansman an remèsye w pou pasyans ou pandan nou ap reponn a demand ki ap vini yo.

Kay yo kapab reponn sou entènèt nenpòt lè nan 2020census.gov nan lang sa yo: anglè, arab, chinwa, fransè, kreyòl ayisyen, japonè, koreyen, polonè, pòtigè, ris, espanyòl, tagalòg, ak vyetnamyen. Biwo Resansman an ofri paj entènèt tou ak gid Resansman 2020 an nan 59 lang, pami yo gen Lang Siy Ameriken, an plis de gid nan sistèm Bray ak gwo ekriti. Ale sou paj entènèt Èd pou Lang lan pou plis enfòmasyon.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header