U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Monday, August 03, 2020

Deklarasyon Direktè Biwo Resansman Etazini a Steven Dillingham: Delivre Yon Kalkil Resansman 2020 ki Konplè e Egzak

Press Release Number CB20-RTQ.23 Haitian Creole

3 OUT 2020 — Biwo Resansman Etazini a ap kontinye evalye plan operasyonèl li yo pou kolekte epi trete done Resansman 2020 an yo. Jodi a, nou ap anonse revizyon ki fèt nan plan nou, tankou rekonpans pou enimeratè yo ak rekritman plis anplwaye toujou pou nou ka akselere achèvman koleksyon done ak kalkil repatisyon yo avan dat limit ofisyèl nou ki se 31 Desanm 2020, jan sa a obligatwa selon lalwa e Minis Kòmès la pase lòd la. Nouvo plan Biwo Resansman an reflete angajman konini nou pou nou efektye yon kalkil ki konplè, bay done repatisyon ki egzak, e pwoteje sante ak sekirite piblik la ak travayè nou yo.

  • Kalkil Konplè: Yon operasyon koleksyon done sou teren ki solid ap asire n ke nou resevwa repons nan men kay ki pako reponn poukont yo a Resansman 2020 an.
    • Nou ap amelyore vitès kalkil nou ap fè a san nou pa sakrifye karaktè konplè kalkil la. Yon pati nan plan revize nou fè a, nou ap opere seyans fòmasyon siplemantè epi bay rekonpans a enimeratè yo pou nou apresye sila pami yo ki pwofite jiska maksimòm de kantite lè yo travay yo. Nou ap kontinye itilize telefòn ak aparèy òdinatè tablèt tou lè nou ap konte moun pandan yon maksimòm tan posib.
    • Nou ap mete fen a koleksyon done sou teren an disi 30 Septanm 2020. Chwa repons pèsonèl yo ap pran fen nan menm dat sa tou pou pèmèt nou kòmanse tretman done yo. Selon plan sa a, Biwo Resansman an gen entansyon pou l rive ranmase yon kantite repons pami kay yo ki parèy a nivo yo te kolekte nan resansman ki pase yo, sa ki gen ladan l kanpay sansibilizasyon pou touche komninote ki difisil pou konte yo.
  • Done Egzak ak Tretman Efikas: You fwa nou resevwa done ki soti nan repons pèsonèl moun bay ak koleksyon done sou teren yo nan sistèm nou an, nou fè plan pou nou revize yo pou nou wè si yo konplè epi egzak, pou nou senplifye tretman done sa yo, epi bay priyorite a kalkil repatisyon yo pou nou ka respekte dat limit ofisyèl la. An plis, nou fè plan pou n ogmante pèsonèl nou pou n asire ke operasyon nou yo ap mache a kapasite total.
  • Konsepsyon Fleksib: Operasyon nou yo ap adapte a sikonstans ki rive epi nou gen resous siplemantè pou fè travay nou vanse pi rapid. Biwo Resansman an ap kontinye analize done ak mezi kle ki soti nan travay sou teren li fè pou asire ke operasyon nou yo fleksib epi apwen pou delivre rezilta yo selon dat limit yo. Pou byen di, nou rekonèt ke deseri sikonstans ka rive ke pèsonn pa ka kontwole, tankou konplikasyon adisyonèl akoz move tan oswa lòt katastwòf natirèl. 
  • Sante ak Sekirite: Nou ap kontinye bay priyorite a sante e sekirite travayè nou yo ak piblik la. Pèsonèl nou yo ap kontinye respekte machasuiv federal, eta (state), ak lokal yo, tankou bay fòmasyon apwopriye sou sekirite ak ekipman pwoteksyon pèsonèl a manm pèsonèl teren yo.

Biwo Resansman an ap kontinye travay pou li satisfè egzijans Dekrè Ekzekitif 13880 ki sòti 11 Jiyè 2019 ak Memorandòm Prezidansyèl ki sòti 21 Jiyè 2020. Gen yon ekip espesyalis ki ap egzamine metodoloji ak opsyon pou yo itilize pou rezon sa a. Nou ap kontinye kolekte ak itlize done administratif ki apwopriye.

Angajman pa nou se pou nou fè yon Resansman 2020 ki konplè e egazak. Jiska dat, 93 milyon kay, prèske 63 pousan nan tout kay ki nan Nasyon an, gentan reponn a Resansman 2020 an. Pandan yo ap kontinye bati sou chwa repons pa entènèt nou ofri a ki inovatè epi yon reyisit, fanm ak gason konsekan ki nan Biwo Resansman an yo, pami yo gen travayè tanporè yo ke nou ap voye nan kominote atravè peyi a nan semèn ki ap vini la yo, y ap travay ak dilijans pou yo efektye yon kalkil ki egzak.

Nou apresye sipò nou resevwa nan men plizyè santèn milye patnè ki nan kominote yo, nan eta (state) yo, lokal ak tribi yo ki kontribye nan efò sa yo atravè Nasyon nou an.  Resansman 2020 se pou nou tout. Si ou konnen yon moun ki pako reponn toujou, tanpri ankouraje li pou l fè sa jodi a sou entènèt sou 2020census.gov, nan telefòn, oswa pa lapòs. 

###

Contact


Public Information Office

301-763-3030

pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header