U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Wednesday, April 01, 2020

Jounen Resansman an Rive – Fè Sa Konte!

Press Release Number CB20.CN.36 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

Kat To Repons Montre Ki Zòn Ki Ap Reponn Pi Rapid

1e Avril 2020 – Jodi a se Jounen Resansman, jou ki detèmine kiyès ki konte nan Resansman 2020 an epi ki kote yo konte.

Konstitisyon Etazini a egzije pou yo fè resansman popilasyon an chak 10 zan. Li fasil, san danje epi enpòtan pou reponn a Resansman 2020 an, epi sa se kle pou detèmine kijan demen ap ye pou kominote yo. Yo itilize rezilta estatistik resansman an yo pou detèmine konbyen syèj chak eta (state) ap okipe nan chanm reprezantan Etazini an epi li sèvi kòm baz pou limit distri lejislatif yo. Yo sèvi kòm baz tou pou fason lejislatè eta (state), lokal ak federal yo pral distribye plizyè santèn milya dola ki soti nan finansman piblik bay kominote yo pou sèvis piblik ak enfrastrikti tankou lopital, sèvis dijans, lekòl ak pon chak ane pandan 10 ane ki ap vini la yo.

36.2 pousan kay atravè peyi a gentan reponn a Resansman 2020 an depi lè envitasyon yo te kòmanse rive nan bwat a lèt moun ant 12-20 Mas. Yo anonse nouvo to repons yo nan kat la chak jou, sèt jou sou sèt, pou gran piblik la ka wè kijan kominote yo ap pèfòme an konparezon ak peyi a ak lòt zòn ankò.

Biwo Resansman an ap ankouraje gran piblik la anpil pou l reponn a Resansman 2020 an sou entènèt pa mwayen yon òdinatè biwo, laptòp, telefòn pòtab entelijan, oubyen tablèt. Ou kapab reponn sou entènèt oswa nan telefòn an Anglè oswa nan 12 lòt lang. Genyen tou 59 gid lang ki pa Angle ak videyo (anplis Lang Siy Ameriken) disponib sou 2020census.gov pou asire ke plis pase 99% kay nan Etazini kapab reponn sou entènèt nan lang yo prefere. Pa t ko janm gen mwayen pi fasil pou reponn poukont ou — tout sa ka fèt san ou pa rankontre ak yon anketè. Sa enpòtan anpil akoz konsèy sante ak sekirite ki ap soti bò kote otorite sante nasyonal, eta (state) ak lokal yo.

Lè w ap reponn:

  • ·Reponn pou kote ou abite nan jou 1e Avril la (Jounen Resansman).
  • Mete tout moun ki nòmalman abite ak dòmi nan kay ou pandan jou 1e Avril la, menm si aktyèlman la yo rete yon lòt kote pou yon tan pwovizwa. Pami yo gen lòt fanmi, zanmi, kamarad chanm ak nenpòt lòt moun ki abite ak dòmi nan kay ou pi fò nan tan yo — menm timoun ki gen laj mwens ke senk an ak tibebe ki fèt nan jou 1e Avril la ouvyen avan sa, menm si yo nan lopital la toujou.
  • Konte etidyan inivèsite nan kote yo abite pandan yo ap frekante lekòl. Si yo abite sou kanpis nan lojman inivèsite/fakilte a tankou dòtwa oswa nan kay konfreri ki pou gason/fi sèlman yo, fonksyonè lekòl la ap konte yo epi etidyan yo pa p bezwen reponn. Sepandan, si yo abite andeyò kanpis la nan lojman ou apatman prive, yo dwe reponn a resansman an poukont yo epi se pou yo itilize adrès andeyò kanpis yo a menm si aktyèlman la yo rete yon lòt kote.
  • W ap jwenn plis repons toujou sou “Kimoun pou w Konte” nan 2020 Census.

Itilize Nimewo Idantifikasyon Resansman (Census ID) ki nan envitasyon w lan oswa bay adrès ou lè w ap reponn. Epi, asire w ke zanmi w, fanmi w ak rezo sosyal yo konnen ki enpòtans sa genyen pou yo reponn epi ankouraje yo pou yo fè resansman pa yo. Reponn koulye a ap redui jiska yon minimòm nesesite pou yon anketè fè suivi epi al vizite kay ou pi devan ane sa a.

Kèk kay (ki nan zòn kote li pa twò posib pou moun reponn sou entènèt) yo deja resevwa yon kesyonè sou papye nan premye envitasyon yo a. Kay ki pako reponn sou entènèt oswa pa telefòn yo ap resevwa yon kesyonè sou papye ant 8-16 Avril.

Pou plis enfòmasyon, ale sou 2020census.gov.

Tanpri note byen: Daprè evalyasyon kontinyèl nou fè sou konsèy otorite sante federal, eta (state) ak lokal yo, Biwo Resansman an ap sispann operasyon sou teren Resansman 2020 an yo pou de semenn ankò jiska 15 Avril 2020. Biwo Resansman an ap pran mezi sa a pou l ede pwoteje sante ak sekirite gran piblik Ameriken an, anplwaye Biwo Resansman an yo, ak tout moun ki nan pwosesis pou vin travay nan pòs tanporè kòm anketè. Biwo Resansman an kontinye evalye tout operasyon sou teren Resansman 2020 an yo, epi l ap kominike lòt nouvèl sou sa kou l kapab.

Resansman 2020 an ouvri pou resevwa oto-repons sou entènèt nan 2020Census.gov, nan telefòn lè ou rele nan nimewo ki nan envitasyon w lan, epi sou papye pa mwayen lapòs.

Paj Konsèy sempleman. Pa gen okenn kominike laprès ki asosye a rapò sa.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header