U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Wednesday, June 24, 2020

Yo Voye Kat Postal nan Bwat Postal pou Ankouraje Kay yo Reponn a Resansman 2020 an

Press Release Number CB20-CN.70 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

24 Jen 2020 — Biwo Resansman an ap voye kat postal semèn sa a bay anviwon 1,3 milyon bwat postal ki nan kominote kote B.P. se sèl adrès pou resevwa lèt yo genyen. Kat postal yo avèti kay yo ke yon anketè pa p pran lontan pou vin depoze envitasyon resansman oubyen vizite yo pi devan pou fè entèvyou avèk yo. Epi tou kat postal yo ap bay enfòmasyon sou kijan pou yo reponn a Resansman 2020 an sou entènèt oswa pa telefòn.

Yo ap ankouraje kay yo pou reponn a Resansman 2020 an kou yo resevwa koli envitasyon pa yo a. Kay ki resevwa lèt nan bwat postal B.P. sipoze sèvi ak adrès kay la (piga itilize nimewo bwat B.P. a) lè yo ap reponn pou asire ke repons yo a koresponn a pozisyon jewografik kote yo abite a, e pa kote yo resevwa lèt.

Tout kay kapab reponn sou entènèt an anglè oswa 12 lòt lang, pa telefòn avèk Nimewo Idantifikasyon Resansman (Census ID) ki nan koli a oswa yo ka ranpli epi poste kesyonè sou papye ke yo te voye ba yo a.

Pou plis enfòmasyon, ale sou 2020census.gov.

Pa gen okenn kominike laprès ki asosye a rapò sa. Paj Konsèy senpleman. 

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header