15 Des. 2020 –– Biwo Resansman Etazini a pibliye jodi a Analiz Demografik 2020 an, ki bay yon limit chif estimasyon (pi piti, mitan, pi wo) pou popilasyon peyi a nan jou 1ye Avril 2020 an. Olye yo kolekte repons nan men moun nan kay menm jan Resansman 2020 an fè a, Analiz Demografik la sèvi ak achiv estatistik aktyèl e istorik ansanm ak lòt done pou yo ka estime gwosè popilasyon Etazini a. Lè li pibliye estimasyon sa yo avan menm premye rezilta ki soti nan Resansman 2020 an yo tonbe, Analiz Demografik la ofri yon mezi endepandan sou popilasyon an pou yo ka fè konparezon ak chif ofisyèl resansman an konte yo.
Selon divès sipozisyon li fè sou popilasyon an, Analiz Demografik la pwodui twa estimasyon diferan sou gwosè popilasyon Etazini a nan jou 1ye Avril 2020 an:
Estimasyon Popilasyon Etazini selon Analiz Demografik 2020 an nan jou 1ye Avril 2020 |
||
Pi piti |
Mitan |
Pi wo |
---|---|---|
330,730,000 |
332,601,000 |
335,514,000 |
“Biwo Resansman an fè efò ki depase limit pou l fè sèten li fè yon travay ki gen bon kalite,” se sa Dr. Ron Jarmin, ki se direktè adjwen ak direktè operasyon Biwo Resansman an, deklare. “Analiz Demografik la se yon resous gwo valè pou ede nou analize si Resansman 2020 an konte popilasyon an konplètman vre.”
Fason estimasyon Analiz Demografik yo fèt se atravè rejis nesans ak lanmò yo, done sou migrasyon entènasyonal ak dosye Medicare yo. Limit yo esplike nivo ensètitid nan done yo tape yo ak nan metòd yo itilize pou pwodui estimasyon yo.
Pa egzanp, estimasyon konbyen moun ki fèt ak ki mouri se chif yo konsidere relativman egzat paske yo baze sou sistèm achiv batistè ak lanmò peyi a, ki egzat anpil epi konplè. Sepandan, gen pi gwo ensètitid nan estimasyon chif migrasyon entènasyonal yo paske dosye administratif yo pa disponib pou nou itilize pou pwodui estimasyon sa yo. Kòm preferans, nou sèvi ak done ki soti nan Sondaj Kominote Ameriken (American Community Survey) an Biwo Resansman an fè epi ak lòt sous pou nou estime migrasyon entènasyonal.
“Analiz Demografik la pèmèt nou sèvi ak done ki deja egziste, tankou dosye administratif aktyèl ak istorik epi ak done sondaj yo, pou nou estime gwosè popilasyon an” se sa Eric Jensen, ki se yon espesyalis teknik an chèf pou Analiz Demografik nan Divizyon Popilasyon an, deklare. “Depi nan Resansman 1960 nou ap fè Analiz Demografik, epi avèk tan k ap pase estimasyon nou yo pote anpil benefis pou nonsèlman amelyorasyobn metodoloji yo, men tou pou amelyorasyon ki disponib nan dosye administratif yo.”
Rezilta final Resansman 2020 an yo pral konpare ak chif Analiz Demografik 2020 an estime yo pou pwodui estimasyon sou erè ki petèt fèt nan kesyon kouvèti nèt selon laj, sèks, ras an gwo ak gwoup orijin Ispanik yo. Nou fè plan pou n pibliye an 2021 yon rapò ki bay detay sou estimasyon sa ki konte an plis ak sa ki pa konte ase selon 2020 Analiz Demografik la.
An plis toujou, an 2021 ak 2022, nou planifye pou nou pwodui twa nouvo seri estimasyon kòm esè (an Anglè):
Estimasyon Analiz Demografik yo se youn nan de metòd nou itilize pou mezire ki valè teritwa yon resansman rive kouvri epi ki ede nou konprann ki gwoup popilasyon ki petèt pa t rive konte ase oswa yo konte an plis. Lòt metòd la se Pwogram Mezi Kouvèti a ki sèvi ak enfòmasyon ki soti nan Sondaj Aprè-Enimerasyon an (an Anglè), ki se yon sondaj endepandan Biwo Resansman an, pou yo estime konbyen moun ak konbyen inite lojman yo te sote oubyen yo te konte pa erè nan Resansman 2020 an. Estimasyon kouvèti ki soti nan Sondaj Aprè-Enimerasyon an yo pwograme pou disponib an Novanm 2021.
Biwo Resansman an ap travay darachpye pou li trete done Resansman 2020 an yo pou li ka remèt yon rezilta konplè e egzat sou konte yo te konte popilasyon eta (state) yo pi prè posib a 31 Desanm 2020, ki se dat limit legal la.
An plis de chif estimasyon popilasyon total pou tout peyi a yo, Analiz Demografik 2020 an bay estimasyon nan nivo nasyonal sou popilasyon Etazini selon laj, sèks, ras an gwo ak gwoup orijin Ispanik ak detay elaji sou kesyon laj la ki disponib ane sa a an rapò ak sa yo te bay an 2010.
Espesifikman, chif estimasyon yo disponib pou kantite moun ki:
Estimasyon sa yo ka pwodui sèlman nan kèk detay limite sou ras paske yo depann de achiv istorik ak mezi sou ras ki chanje avèk epòk k ap avanse.
Lòt apèsi ki soti nan piblikasyon jodi a gen pami yo, selon lòd estimasyon pi piti, mitan ak pi wo:
Analiz Demografik la estime sèlman popilasyon nasyonal pou kategori demografik sa yo, kidonk estimasyon li bay yo pa ka konpare ak done byen detaye Resansman 2020 an yo ki ap montre popilasyon an nan nivo eta (state), vil (city), konte, sibdivizyon ak blòk katye yo.
W ap jwenn tablo konplè yo nan paj dakèy Analiz Demografik 2020 an (an Anglè).
###