U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Monday, December 07, 2020

Biwo Resansman an Anonse Evalyasyon Kalite Resansman 2020 an

Press Release Number CB20-CN.131 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

Biwo Resansman an Kontinye ak Pratik pou Evalye Konte Desenal la

7 Desanm, 2020 — Biwo Resansman Etazini a anonse dènye vèsyon plan yo genyen pou lage enfòmasyon konsènan kalite ansanm ak premye rezilta ki soti nan resansman an yo, pami yo gen plan pou anonse yon kantite endis sou kalite done san presedan.

Chak dis lane, Biwo Resansman an fè gwo evalyasyon manch long sou resansman an epi anonse divès mezi konsènan kalite done yo kolekte. Etandone kalite difikilte san parèy pandemi COVID-19 la poze pou Resansman 2020 an, Biwo Resansman an fè plan pou li pibliye plizyè mezi siplemantè sou kalite done.

An plis sou mezi sou kalite sa yo ki planifye pou piblikasyon, Biwo Resansman an ap antre nan lòt fòm evalyasyon sou Resansman 2020 an nan mwa ak ane ki ap vini yo, tankou:

  • Travay ak espesyalis ki pa fè pati ekip li pou evalye kalite done.
  • Fè evalyasyon manch long ak verifikasyon sou operasyon Resansman 2020 an yo.
  • Konpare rezilta Resansman 2020 an yo ak lòt total popilasyon yo.

Tout efò sa yo ap ranfòse evalyasyon sou kalite resansman an — nan analize prosesis yo suiv la, revize done yo ak gran swen epi konpare rezilta yo ak total popilasyon yo.

Mezi sou Kalite Done yo

Se pou premye fwa, Biwo Resansman an fè plan pou li pibliye mezi sou kalite done pou tout peyi a, eta (state) yo, Distri Kolonbya a ak Pòtoriko, ansanm ak rezilta ki soti nan Resansman 2020 an — done yo itilize pou repatisyon Chanm Reprezantan Etazini a yo. Mezi sa yo ap gen ladan yo enfòmasyon sou repons lib moun bay, Swit pou Moun ki pa te Reponn (NRFU, selon sig anglè a) (pami yo entèvyou ak kay yo, entèvyou ak moun ki pale nan non lòt moun, ak enimerasyon dosye administratif), enpitasyon kalkil yo, ak mezi sou adrès ki te make kòm abite, vid oswa efase.

Mezi ki planifye sa yo fèt an plis sou premye endis Biwo Resansman an gentan bay sou Resansman 2020 an yo, tankou to repons lib yo (an Anglè) rive jouk nan nivo sibdivizyon yo, premye to achèvman yo (an Anglè) nan nivo eta (state), to achèvman kantite travay nan kad NRFU yo  (an Anglè) pou Biwo Resansman Zòn yo (Area Census Office), ak dosye administratif nasyonal ak to konte ki fèt nan kad (an Anglè) moun ki ap reponn nan non lòt moun yo. Lè sa posib, Biwo Resansman an ap pibliye mezi sou Resansman 2020 an yo ki konparab ak mezi ki soti nan Resansman 2010 la.

Espesyalis Ekstèn yo

Biwo Resansman an ap travay tou ak group ekstèn ki endepandan pou yo evalye kalite travay Resansman 2020 an. Pano espesyalis ekstèn ki gen ekspètiz nan teknik ak sijè byen espesyal  ap bay Biwo Resansman an konsèy sou evalyasyon kalite yo, tankou ede yo revize epi evalye plan ajans lan genyen yo, pwosesis li yo, ak pwosedi ak mezi yo pwopoze sou  kalite done Resansman 2020 an. Espesyalis ekstèn sa yo ap revize mezi operasyonèl yo ak kalkil epi ak tabilasyon karakteristik done yo, kòmanse nan nivo done nasyonal ak eta (state) pou rive nan nivo ki pi ba pase nasyonal nan kòmansman 2021. Kòm ap gen aksan ki mete sou nivo pi ba pase eta (state) yo ak karakteristik done yo, analiz sa a ka kòmanse danble aprè done sou repatisyon yo fin fèt. Espesyalis ki gen aksè ak done entèn Biwo Resansman an yo ap gen yon grad asèmante espesyal, sa vle di y ap gen menm obligasyon sou sèman ak devwa legal ak anplwaye Biwo Resansman yo pou yo kenbe enfòmasyon ki ka idantifye moun pèsonèlman konfidansyèl pou tout rès lavi yo.

Evalyasyon ak Egzaminasyon

Nan kat ane ki ap vini la yo, Biwo Resansman an ap fè evalyasyon ak egzaminasyon (an Anglè) sou operasyon Resansman 2020 an yo epi mete enfòmasyon sa yo devan je piblik la. Evalyasyon operasyonèl yo ap mete sou rapò ofisyèl kijan Resansman 2020 an te fèt, nan egzamine epi bay mezi sou chak operasyon. Evalyasyon yo ap analize, entèprete, epi sentetize nivo efikasite chak pati nan resansman yo epi ak enpak yo genyen sou kalite done, kouvèti oswa toulède. Evalyasyon yo ap egzamine divès sijè nan nivo byen elaji, tankou:

  • Operasyon Verifye Adrès Pòt-a-Pòt la ke yo te remanye.
  • Nivo efikasite opsyon lang pou repons sou entènèt yo.
  • Pwoteksyon enfòmasyon prive moun ki ap reponn nan ak pwoblèm konfidansyalite lè moun ap reponn fomilè resansman an.
  • Konte timoun ki jèn yo.
  • Sistèm estimasyon ki gen de pati ki asosye ak Sondaj Aprè-Konte a.
  • Moun ki pa pale Anglè ak rezidan kay konplèks yo, tankou timoun.
  • Plizyè aspè pwogram Patenarya ak Kominikasyon Entegre a yo.

Konpare ak Lòt Total Popilasyon yo

An plis sou analiz pwosesis resansman an atravè aktivite nou sot site la yo, yo evalye resansman an nan tèm konparezon ak total lòt popilasyon yo. Menm jan ak lòt deseni ki sot pase yo, Biwo Resansman an fè plan pou l pibliye pwodui nan objektif sa yo — chak gen kalite fòs pa l ak feblès pa li.

  • Analiz Demografik — Na dat 15 Desanm 2020, Biwo Resansman an ap pibliye Analiz Demografik, ki se yon seri estimasyon popilasyon Etazini a nan nivo nasyonal selon laj, sèks, ak ras limite ak gwoup Orijin ispanik. Estimasyon sa yo fèt lè yo itilize rejis nesans ak lanmò aktyèl ak istorik yo, done sou migrasyon entènasyonal ak dosye Medicare yo. Estimasyon yo konplètman endepandan de konte ki fèt nan Resansman 2020 an yo. An plis, Biwo Resansman an gen plan pou li pwodui plizyè seri esè estimasyon Analiz Demografik pou bay evalyasyon siplemantè selon laj, ras ak Orijin ispanik. Estimasyon sa yo ap tonbe nan ane 2021 ak 2022.
  • Sondaj Aprè-Konte — Biwo Resansman an aktyèlman ap fè Sondaj Aprè-Konte pou mezire si gen kèk zòn jewografik oubyen gwoup demografik yo pa t konte ase oubyen yo te konte twòp nan Resansman 2020 an. Sondaj Aprè-Resansman an pase moun entèvyou grenn pa grenn, li mande yo nan ki adrès yo t ap viv 1ye Avril epi li konpare enfòmasyon yo ak rezilta resansman yo. Aprè sa a sondaj la estime kantite moun ak inite lojman ki manke nan resansman an ak kantite moun yo te konte pa erè, tankou moun yo konte plizyè fwa yo. Biwo Resansman an ap eseye pibliye premye rezilta yo an Novanm 2021, epi plis rezilta ankò ap vini an Fevriye 2022.

Biwo Resansman an ap gade deprè kijan pwosesis pou Resansman 2020 an te fèt epi kijan diferan gwoup jewografik ak gwoup popilasyon te konte. Biwo Resansman an ap itilize enfòmasyon sa a, ansanm ak okazyon pou yo inove nan lòt dizan ki ap vini la a, pou prepare pou Resansman 2030 lan.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header