U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Thursday, April 02, 2020

Deklarasyon Biwo Resansman Etazini an sou Sant Dapèl Resansman 2020 Yo

Press Release Number CB20-RTQ.12 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

2 Avril 2020 — Gran piblik la kapab reponn a Resansman 2020 an sou entènèt, nan telefòn oswa pa lapòs. Akoz de ajisteman sou anplwaye nou fè sou baz konsèy otorite sante federal, eta (state) ak lokal yo konsènan COVID-19, Biwo Resansman an ap travay pou redui efè ki fèt sou sant dapèl Resansman 2020 an yo. Nan deseri ka limite, ajisteman sa yo nou fè sou anplwaye lakoz lè yon moun rele, tan pou yo reponn li a ogmante; sa ki afekte divès liy telefòn nan lè diferan. Nou ap travay darach pye pou n redui tan pou yo reponn apèl yon moun pandan ke nou kontinye ofri èd an anglè ak 12 lòt lang. Chak repons a resansman an enpòtan epi Biwo Resansman an remèsye w pou pasyans ou pandan nou ap reponn a demand ki ap vini yo.

N ap raple tout kay ke yo kapab reponn sou entènèt nenpòt lè nan 2020census.gov nan lang sa yo : anglè, espanyòl, chinwa, vyetnamyen, koreyen, ris, arab, tagalòg, polonè, fransè, kreyòl ayisyen, pòtigè ak japonè. Biwo Resansman an ofri paj entènèt tou ak gid Resansman 2020 an nan 59 lang, pami yo gen Lang Siy Ameriken, an plis de gid nan sistèm Bray ak gwo ekriti. Ale sou paj entènèt Èd pou Lang nou an pou plis enfòmasyon.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header