U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Monday, October 19, 2020

Nouvèl sou To Repons Resansman 2020 an: 99.98% Fin Fèt Nan Tout Peyi a

Press Release Number CB20-CN.120 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

Pase 99% nan Tout Eta (State) yo, Repons Lib yo Depase Repons 2010 yo

19 Okt. 2020 — Selon dènye chif Biwo Resansman Etazini a deklare jodi a, 99.98% nan tout inite lojman ak adrès nan tout peyi a reponn Resansman 2020 an nan dat lè operasyon repons lib ak koleksyon done sou teren an fini 15 Okt. 2020 an. Nan tout eta (state) yo, Distri Kolonbya a ak teritwa Pòtoriko a, plis pase 99% nan tout adrès yo reponn prezan, epi nan tout eta (state) yo eksepte youn, chif sa a depase 99.9%.

“Resansman 2020 an fè fas ak gwo difikilte san parèy pami tout resansman desenal ki nan memwa tout moun,” se sa Minis Komès la Wilbur L. Ross Jr. deklare. “Reyisi yo reyisi kantite pousantaj sa yo devan menas move tan ak pandemi global sa a, sa se yon temwayaj ki montre kijan plizyè santèn milye fanm kou gason konsekan detèmine epi kreyatif nan travay yo fè pou reyisi Resansman 2020 an.”

Konpare ak pousantaj final repons lib 66.5% pou Resansman 2010 la, 67% gentan reponn prezan nan repons lib ki fèt jouk dat jodi a, epi yo te konte rès moun ki manke yo nan kad operasyon ki rele Swit pou Moun ki pa te Reponn (NRFU, sig Anglè a).

“Peyi Etazini te leve kanpe epi reponn apèl ki te mande yo: detèmine lavni w lè w reponn Resansman 2020 an,” se sa Dr. Steven Dillingham, Direktè Biwo Resansman an deklare. “Jeneralman, ou jwenn pi bon jan done lè moun bay repons lib, men aprè dizan kote to patisipasyon moun nan resansman ak nan sondaj kontinye bese, mete sou sa pwoblèm COVID-19 bay kominote yo, nou pa t panse nou t ap ka depase pousantaj repons lib ane 2010 la. Reyisi nou reyisi fè sa a, se yon temwayaj konpliman pou pèp Ameriken an, ak pou anviwon 400,000 patnè nasyonal ak patnè kominotè nou yo, epi pou anplwaye n yo ki gen anpil enpòtans nan je nou.”

“Biwo Resansman an te rive twoke kòn li ak anpil pwoblèm e pote laviktwa sou yo gras ak inovasyon nan panse nou ak itilizasyon teknoloji, men nou pa t ap ka reyisi fè sa si se pa t pou anplwaye n yo ki te kanpe djanm nan detèminasyon yo,” Dillingham kontinye deklare. “Nou di tout moun ki nan ekip la mèsi pou kontribisyon yo, kòmanse sou enimeratè yo ak manm pèsonèl teren yo ki fè efò depase fòs yo pou yo rive lakay moun ki pi difisil pou konte yo, pou rive sou ekip devwe dirijan operasyon yo nan katye jeneral yo epi atravè peyi a ki travay tout lè nan jounen yo pou repare ak pwoteje sistèm nou yo, trete done yo, sipèvize operasyon an, epi fè nouvèl la gaye konsènan enpòtans Resansman 2020 an.”

“Nou santi nou fyè espesyalman pou travay di ki te fèt pou fè eta (state) Lwizyàn depase 99% repons malgre devastasyon siklòn Lora ak Delta te fè, epi pou patenarya nou resevwa nan men gouvènman tribal Endyen Ameriken oswa natif-natal Alaska yo pou reyisi 99.77% nan travay NRFU nan teritwa yo, malgre anpil kote te fèmen akoz pandemi a.”

“Nou konte plizyè santèn milyon moun nan Resansman 2020 an, epi kounye a la estatistisyen yo ak espesyalis kalite done yo ap travay darachpye pou asire yo yo konte tout moun yon sèl fwa, e sèlman yon sèl fwa, epi nan kote yo rete toutbon an,” Dillingham kontinye di. “Biwo Resansman an ap sèvi ak pi bon metodoloji li genyen pou l rezoud pwoblèm tou de twa adrès ki pako rezoud epi pou l asire l pwodwi done nou fè soti yo presi.”

Nan chak resansman, Biwo Resansman an kalkile estimasyon achèvman li atenn e efektye evalyasyon manch long ke nou pataje ak piblik la. Pousantaj achèvman yo se jis premye endikatè yo ye. Pou plis enfòmasyon sou Resansman 2020 an, tankou itilizasyon pwokirasyon ak dosye administratif, tanpri gade nan dènye FAQ nou yo.

Biwo Resansman an ap travay darachpye pou li trete done yo pou li ka remèt yon rezilta konplè e egzat sou konte yo te konte popilasyon eta (state) yo disi 31 Desanm 2020, dat limit legal la.

Koleksyon done ki fèt nan kad Resansman 2020 an fini a 11:59 p.m. Fizo Orè Hawaii nan jou 15 Okt. 2020 (5:59 a.m. Fizo Orè Lès). Repons sou papye yo ap kontinye vini epi nou ap itilize yo si dat postaj sou anvlòp la se disi 15 Oktòb, epi santral ki trete yo a resevwa yo pou pita nan dat 22 Oktòb.

Pou jwenn plis enfòmasyon, ale sou 2020census.gov.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header