U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Tuesday, June 30, 2020

Biwo Resansman an Aktive Lòt Operasyon pou Asire yon Kalkil Egzat nan Resansman 2020 an

Press Release Number CB20-CN.72 Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen

Kay yo Ka Resevwa Koudfil oswa Vizit an Pèsòn Pandan Plizyè Mwa Ki ap Vini la yo

23 Jen 2020 – Gen apeprè 4 kay sou 10 ki pako reponn a Resansman 2020 an, sa ki fè Biwo Resansman Etazini a anonse jodi a ke li nan bon chemin pou li konplete plizyè aktivite suivi ki gen pou objektif asire ke yo fè yon kalkil konplè epi egzat. Anplwaye Biwo Resansman an yo ap fè operasyon sila yo an pandan plizyè mwa ki ap vini la yo.

Amelyorasyon Lajè Kanpay la: Biwo Resansman an gentan kòmanse fè koudfil suivi rive jwenn kèk kay ki gentan deja fin ranpli Resansman 2020 an. Objektif la se pou yo asire ke yo te konte tout moun ki nan yon kay, epi pou yo verifye enfòmasyon moun sa yo te bay lè yo te ranpli kesyonè resansman an. Ajan ki nan sant dapèl resansman an yo kòmanse fè koudfil nan jou 22 Avril. Si kay la pa reponn apèl la, ajan yo ap kite yon mesaj vokal ki ap bay yon nimewo matrikilasyon 12 chif kòm nimewo referans. Kanpay sa a gen pou li kontinye jiska finisman faz repons lan nan jou 31 Oktòb. 

Swit pou Moun ki pa te Reponn: Biwo Resansman an konn fè operasyon “lansman modere” pou yo ka asire ke sistèm yo, operasyon yo ak planifikasyon pou teren yo mache kòm sadwa.  Apati mitan mwad Jiyè a, enimeratè ki soti nan sis biwo resansman zòn (area census offices) (youn nan chak rejyon Biwo Resansman) ap kòmanse operayson ki se fè entèvyou ak kay ki pako reponn a Resansman 2020 an. Yo ap anonse kiyès sis biwo resansman zòn (area census offices) ye nan finisman mwad Jen an. Yo ka anonse plis biwo resansman zòn (area census offices) nan kad yon dezyèm vag lansman modere ki ap fèt nan dènye pati mad Jiyè. Anplis de biwo resansman zòn (area census offices) ki fè pati lansman modere a yo, lòt biwo resansman zòn (area census offices) ki rete yo ap kòmanse Swit pou Moun ki pa te Reponn yo nan jou 11 Out la epi fini nan yon dat ki pa p depase 31 Oktòb. Tout enimeratè ap resevwa fòmasyon sou pwotokòl distansyasyon sosyal. Yo ap resevwa ekipman pwoteksyon pèsonèl (PPE) epi yo ap respekte machaswiv lokal sou itilizasyon ekipman yo.

Refè Entèvyou Swit pou Moun ki pa te Reponn: Nan deseri de ka, yon enimeratè kapab pase vizite yon kay pou fè yon ti entèvyou pou asire aktivite koleksyon done nou fè yo gen bon kalite. Dezyèm entèvyou sa yo gen kòm objektif pou konfime ke chak enimeratè te aplike fòmasyon nou te ba yo epi fè travay yo kòrèkteman. Dezyèm entèvyou a, se yon lòt enimeratè ki diferan de sa ki te pase vizite kay la an premye a ki ap fè li. Operasyon Dezyèm Entèvyou nan Swit pou Moun ki pa te Reponn lan gen pou li fèt apati 12 Out jiska 31 Oktòb.

Sondaj Apre-Enimerasyon: Aprè yon kay fin ranpli Resansman 2020 an, enimeratè ap pase vizite yon kantite kay byen detèmine nan kad Sondaj Apre-Enimerasyon an. Biwo Resansman an ap fè sondaj sa a pou mezire ki valè inite lojman ak moun ki abite nan inite lojman sa yo ke yo rive touche nan kad Resansman 2020 an. Nan objektif sa a, enimeratè yo ap kolekte enfòmasyon sila yo:

  • Moun ki abite nan inite lojman an aktyèlman.
  • Moun ki ap viv nan kay la ki petèt te la oubyen pa t la nan jou 1ye Avril (Jounen Resansman).
  • Moun ki kite kay la ant 1ye Avril ak dat entèvyou a te fèt.

Enfòmasyon nou kolekte sou chak moun gen ladan yo non, sèks, laj, dat nesans, ras, relasyon ak moun nan kay la, epi Orijin ispanik. Moun k ap bay entèvyou a ap kolekte enfòmasyon tou sou lòt adrès moun nan genyen pou li ka etabli ki kote moun yo te abite nan Jounen Resansman an, selon règleman sou kesyon rezidans Resansman an yo. Entèvyou Sondaj Apre-Enimerasyon yo ap fèt nan espas 23 Septanm jiska 22 Desanm.

Biwo Resansman an ap priye ti pousantaj kay ke yo kontakte nan kad operasyon Dezyèm Entèvyou Swit pou Moun ki pa te Reponn ak Sondaj Apre-Enimerasyon yo pou yo konsakre kèlke minit pou pale ak enimeratè a pou asire kalite Resansman 2020 an.

Tout enimeratè yo gen badj ofisyèl sou yo ki gen non yo, foto yo, yon filigràn Depatman Komès ak yon dat ekspirasyon.

Biwo Resansman an fè tout operasyon yo selon de prensip kle nan tèt li: (1) pwoteje sante ak sekirite anplwaye nou yo ak piblik la, epi (2) satisfè egzijans ofisyèl nou pou nou bay rezilta nou konte nan Resansman 2020 an bay Prezidan an alè. Nou ap kolabore deprè avèk otorite swen sante yo nan nivo nasyonal, eta (state), ak lokal pou asire ke nou entegre tout konsèy yo ba nou yo nan operasyon nou yo.

Konstitisyon Etazini a egzije pou yo fè resansman popilasyon an chak 10 zan. Chif estatistik Resansman an pèmèt yo detèmine ki kantite plas chak eta (state) genyen nan Chanm Reprezantan Etazini a epi kijan plizyè milya dola nan finansman federal ap separe pami eta (states) yo ak kominote yo pou lòt 10 lane ki ap vini yo.

Pa gen okenn kominike laprès ki asosye ak anons sa a. Paj konsèy senpleman.

Pou plis enfòmasyon, ale sou 2020census.gov.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 8, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header