U.S. flag

An official website of the United States government

Skip Header


For Immediate Release: Friday, August 02, 2019

Slogan ak logo pou resansman 2020 an disponib kounye a nan 12 lòt lang anplis anglè

Press Release Number CB19-CN.06 (Haitian Creole)

2 out 2019 - Biwo Resansman Etazini an pibliye slogan li ak logo li pou resansman 2020 an nan 12 lang anplis anglè. Slogan an di : “Prepare avni w. KÒMANSE ISIT LA”. Yo mete l nan tout dokiman Biwo Resansman an ak patenè li yo itilize pou fè piblisite. Moun ap kòmanse wè slogan sa a ak logo a plis toujou yonfwa yo lanse kanpay an favè resansman an, an janvye 2020. Slogan an ak tout logo a orijinal. Y ap gide eta yo, kominote yo ak òganizasyon ki pa la pou fè kòb yo nan efò y ap fè pou fè piblisite pou resansman an.

Yo te prepare slogan yo nan lang sa yo : espanyòl, chinwa, vyetnamyen, koreyen, ris, arab, tagalòg, polonè, fransè, kreyòl ayisyen, pòtigè ak japonè. Douz lang sa yo koresponn ak lang ki pa anglè moun ap ka itilize pou yo reponn kesyon sou Entènèt oubyen sou telefòn pou resansman 2020 an. Lè nou mete anglè sou 12 lang sa yo, nou kouvri plis pase 99% fanmi ki nan peyi a.

Doktè Steven Dillingham, direktè Biwo Resansman an te deklare : “Nou gen kominote ki soti nan divès kalite kilti ki gen pou yo patisipe nan resansman an. Nou fè anpil rechèch, plis pase sa te janm fèt anvan, pou nou aprann plis bagay sou obstak ki ka fè yo pa patisipe, etadespri oswa rezon ki ka fè yo patisipe oswa pa patisipe nan resansman an. Slogan nou an, ‘Prepare avni w.  KÒMANSE ISIT LA’, se rezilta rechèch sa yo Kounye a, n ap adapte li pou nou ka rive atenn fanmi ki pa twò maton nan pale anglè. Nou vle ede yo konprann enpòtans resansman 2020 an. Se yon eleman ki enpòtan anpil nan efò n ap fè pou n reyisi konte moun yo byen, avèk presizyon, nan chak kominote ki nan peyi a.”

Anvan resansman 2020 an rive, aktivite piblisite ak aktivite pwomosyon yo ap vin piplis chak jou. Sa kòmanse nan mete komite kontaj konplè yo sou pye, ni nan nivo eta yo, ni nan nivo lokal. Sa rive nan rasanble divès kalite patnè ansanm yon fason pou redwi kantite timoun yo pa konte yo epi yon fason tou pou redwi kantite moun yo pa konte nan zòn ki souvan difisil yo. Tout pandan sa ap fèt, Biwo Resansman ap travay pou slogan an ak logo a disponib pou tout moun epi y ap chèche kreye mesaj ki ka motive moun ki pa pale anglè.

Biwo resansman an ansanm ak yon konpayi kominikasyon ki rele Young & Rubicam (Team Y&R) te adapte konsèp “Prepare avni w. KÒMANSE ISIT LA”. nan 12 lang anplis anglè (yo te fè sa tou pou Endyen Ameriken yo ansanm ak endijèn ki nan eta Alaska yo). Tout pandan n ap travay ak ajans piblisite Team Y&R yo, ajans ki travay ki moun ki soti nan divès kilti, nou teste adaptasyon slogan an ak plizyè ti gwoup moun nan tout peyi a. Slogan an, se pa jis yon tradiksyon literal. Se pito konsèp la yo pran epi yo adapte yon fason pou l koresponn ak kilti yo l fè e pou l fè sans nan lòt lang pa yo.

Nan resansman ki fèt chak dizan yo, sa a se twazyèm ki genyen yon aktivite kominikasyon ak piblisite ki fèt pou li menm menm. Sa te fèt tout nan resansman ki te fèt an 2000 ak 2010. Biwo Resansman an te fè kanpay piblisite, patenarya ak kominikasyon pou ogmante konesans moun yo sou resansman an epi pou fè plis moun patisipe ladan l. Lè gen anpil moun ki patisipe, sa fè resansman an pi egzak e sa fè lajan kontribyab yo pa gaspiye, piske sa diminye kòb ki depanse pou yo fè suivi anrapò ak fanmi ki pa t reponn kesyon fòmilè a.

Konstitisyon Etazini egzije pou gen yon resansman popilasyon an ki fèt chak 10 an. Objektif la se pou yo ka redistribye syèj yo nan Chanm Reprezantan Etazini an. Epitou, yo sèvi ak rezilta resansman an pou yo konnen ki jan finansman federal ki plis pase 675 milya dola a pral distribye ni nan eta yo ni nan kominote lokal yo. Yo itilize Lajan sa a pou sèvis ak enfrastrikti tankou swen sante, travay, lekòl, wout ak antrepriz.

###

Contact


Biwo Enfòmasyon Piblik
301-763-3030
pio@census.gov

Page Last Revised - October 28, 2021
Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes Thumbs Down Image No
NO THANKS
255 characters maximum 255 characters maximum reached
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?

Top

Back to Header